Gang 400 Mawozo ak Taliban anvayi Laskawobas : Ekzòd masiv e laterè sou Wout Nasyonal N°3

Laskawobas, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò, laterè ak ekzòd masiv mete pye nan zòn Plato Santral peyi Dayiti, kote gang ame 400 Mawozo ak Taliban anvayi vil Laskawobas maten jedi 3 jiyè a 2025 lan. Aksyon vyolan sa a lakoz panik, trajedi, epi mete plizyè sant egzamen ak katye nan dezòd total kapital.
Daprè enfòmasyon ki sòti nan plizyè sous sou plas, gang sa yo te mete baryè sou Wout Nasyonal Nimewo 3 a, ki se aks prensipal ki relye Mibalè ak Laskawobas. Bandi yo mete dife nan plizyè machin epi simen laterè, pandan yo boule kay ak kraze biznis sou chimen yo. Plizyè temwen rakonte jan peyizan te oblije kouri kite zòn nan san pran anyen, pandan bal ap chante san rete.
Sitiyasyon an vin pi grav lè yo rapòte ke plizyè elèv ki te nan mitan egzamen final ane akademik 2024–2025 lan, oblije kite sal egzamen yo pou sove lavi yo. “Nou te nan mitan egzamen, lè-n tande zam ap tire toupatou. Nou pat gen lòt chwa, ke kouri kite tout bagay,” se deklarasyon plizyè elèv ki te anba gro chòk latranblad.
Plizyè medya lokal fè konnen ke gang yo te deja pran kontwòl plizyè machin Lapolis ak BSAP. Gen enfòmasyon ki endike omwen yon polisye ta pèdi lavi l pandan eklatman vyolans teworis yo.
Malgre gravite sitiyasyon an, otorite Leta yo poko pibliye okenn deklarasyon ofisyèl jiska prezan. Silans sa a ogmante kòlè ak fristrasyon nan mitan popilasyon an ki santi yo lage poukont yo nan men yon Leta ak gouvènman teworis yo.






