Joel Deep: businessman ayisyen ou opozan farouch PHTK mouri nan Florid

269

10\31\20

Miami_____(TRiboLAND) Joel Deeb, gro businessman ayisyen mouri yè aprè midi 30 oktòb 2020 an nan Miami, Florid aprè ke li te enfekte avèk kowonaviris.

Deep ki te konn enpoze entèvansyon muskle li sou rezo sosyàl yo, te yon opozan san pitye fas ak rejim Jovenel Moise. Li te konn mete piblik la okouran de yon pakèt sewòm kakachat kap pase nan pouvwa PHTK a. Youn pami dènye entèvansyon ke li te fòmule sou rezo sosyàl yo, se yon seri gro betiz sal moun pa ka tande ki li tap adrese a anbasadè ameriken ki an Ayiti.

Businessman ayisyen an mouri anba konplikasyon kovid-19, daprè yon sou entèn ki anba zèsèl fanmiy lan. Deep te yon opozan farouche rejim sanginè Duvalier a e li te toujou ap òganize envazyon pou dechouke gouvènman sangwen Baby Dòk la.

Comments are closed.