Dapwè yon nouvo etid, 80% moun ki teste pozitif pou kovid-19 la, pa montre sentòm

367

Lond___(TRiboLAND) 80% moun ki teste pozitif pou kovid-19 la, pa montre oken sentòm, dapwè yon nouvo etid ki fèt sou pandemi a nan peyi Angletè.

Rechèch Office for National Statistics (ONS) itilize tès swab pou detèmine konbyen moun ki enfekte ak Covid-19 atravè peyi a nan nenpòt lè.

Majorite ka moun ki teste pozitif yo pa t montre oken sentòm, dapwè Matt Hancock devwale Jedi a. “E an reyalite, nan etid ONS la, nou jwenn anviwon 70-80% nan moun ki teste pozitif yo pa gen sentòm. Sa se yon konklizyon siyifikatif. “

Mr Hancock rekonèt ke transmisyon asentomatik se “youn nan bagay ki fè kontwòl maladi sa a vrèman difisil.”

Men, li di, tès NHS Gouvènman an ak trik pou pouswiv li, ofri yon pati nan solisyon an, depi ke izoleman moun ki tèste pozitif pou Covid-19 yo ka “kraze chèn transmisyon an.”

Dido Harding, ki se Alatèt NHS pwogram tès ak rapouswiv la, konklu deplwaman tès antikò pou piblik la ta “vini a tan”, ak staff swen sante a kap teste tanzantan. Antikò ki te prezan nan yon echantiyon san, se yon siy ke yon moun te deja kontrakte viris la.

Men Harding di ke pwoblèm nan se paske pat gen ase done osijè kantite pwoteksyon pou tès pozitif pou kowonaviri ke antikò yo pwodwi.

Comments are closed.