Pawòl anpil la fini; klas politik sa a remize ak tout LABOUCHWAZI ak CORE GROUP esklavajis rasis!

1,795

Si gen yon bagay ki fè m kontan chak jou e di BONDYE mèsi, se senpman paske m viv nan fen 20tyèm syèk ak 21nyèm syèk pou m wè fen batay Liberasyon TOUSSAINT koumanse menm lè li pat gen separasyon total nan lide li e Papa Dessalines fini nan fonde nasyon HAYTI. Nou konnen jodia aklè Revolisyon Premye Janvye 1804 la te kanpe 17 Oktòb 1806. Nou fè 215 zan ap pase mizè anba zago loray. Jodia, si yon Haïtien di li pa wè klè nan dezòd k ap fèt la, se yon moun ki nan tonm e nanm li ap flannen soulatè. Jenerasyon sa a ap fè dezyèm Revolisyon an.

Mwen pral rakonte nou yon anekdòt ki pèmèt mwen reziste nan move moman e ki fè m pa janm pèdi fokis. Lè m te timoun, mwen te toujou jwenn grandèt k ap rakonte istwa, tire kont, e sa te vin fè m devlope yon pasyon pou listwa, pou tout sa k gen pou wè ak bagay ki parèt yon mistè ki difisil pou konprann. Granmoun toujou di “timoun pa fèt pou kirye twòp e poze kesyon toutan”; men nan fanmi m, yo toujou ankouraje timoun poze kesyon, e grasaDye; mwen te gen granparan ki te kwè nan tradisyon oral e ki pèmèt kiryozite m grandi plis toujou e tout kesyon m te konn poze reponn.

Lè m ap fè Mwayen 2, klas Sètifika Sen Masyal, mwen te gen yon pwofesè ki te rele Mèt Saintil JOSEPH ki te yon pasyone Istwa DAYITI. Mèt Saintil te toujou lese nou kwè Istwa n ap etidye a pa fin konplè e nou dwe chache konnen plis. Sa pa etone m an 2021, lè m rewè Mèt Saintil nan New Jersey apre 32 lanne nou pat kwaze, mwen dekouvri li se istoryen patante e Pwofesè Listwa tou. Istwa se yon disiplin ki nòb e ki se kle ki pou pèmèt yon moun konprann evolisyon lavi sou latè, dinamik sosyal, fonksyonman yon sosyete e mache sou wout pwogrè. Granmèsi BONDYE, Sen Masyal te toujou gen bon pwofesè istwa nan seksyon Segondè a, soti Sizyèm jouk rive nan Filo. Nou pa ka bliye Mèt Marc Antoine Brice ki te enjenyè tou ki te gen kabinè detid li nan Rid Lareyinyon ki te fè Syans Sosyal nan 5 kyèm ak katriyèm; nou te gen Julmice Waldeck ki te mete dòz sou nou nan 3zyèm ak segond; san nou pa bliye Mèt Cénatus ki te responsab 3 zyèm jouk rive nan Filo ki te fè Syans Sosyal(Konesans Jeneral) tou soti 4triyèm rive nan segonn.

Mwen pral tonbe sou yon Manman Penba Istoryen ki pral pataje konesana li ak mwen pandan 2 lanne konsa, Pè Antoine Adrien ki pral, non sèlman reponn tout kesyon mwen genyen, men ki pèmèt mwen li yon bann dokiman jouk jounen jodia moun pa panse ki egziste tankou Memwa biyografik Toussaint ak DESSALINES e detay sou kijan ENDEPANDANS lan te prepare kèk Prèt Jezwit ki te temwen ekri. Pè Adrien te pran tan pou l te fòme kèk grenn nan nou ki te gentan fin lekòl, men ki te vle ranmase konesans nan men li. Lè m t ap fè Reto ak Filo, ou pat ka rate randevou Dimanch apremidi ak Pwofesè Michel Soukar sou Radyo Signal F.M.; ou pat ka pa li tou Senatè Lwès la ki te gen yon manman penba liv istwa ak Pwofesè Rémy Zamor Kolèj Metropoliten ki te gen yon bon liv istwa tou. Pou materyèl nou li, pou koze nou tande, pou rechèch nou fè, nou te ka rele tèt nou istoryen, men nou kwè istwa twò nob kòm syans serye pou n ta pran li daso jan yon bann valpa ap fè jounen jodia nan blofe moun, rakonte pawòl fatra mèt yo nan Loksidan fè yo rakonte. Pè ANTOINE Adrien te renmen di m: “Kerlens, celui qui maîtrise l’Histoire Universelle et l’histoire de son pays est armé pour faire la Révolution et marcher sur la voie du progès”, et il n’avait pas tort. Si m pat konn Bon Istwa Peyi DAYITI, vakabon t ap dekouraje m e mwen te ka itilize kapasite LETÈNÈL ban m pou m sèvi bandi legal ak malpwòpte dechè moun k ap dirije latè. Mwen twouve li nesesè lè m jwenn kèk “ti jeunes” ki gen foug e ki vle aprann pou m rakonte yo sa yo pa konnen yo dwe konnen.

Anpil moun panse tout bagay se blag, jwèt rans ak kwèdèk ann Haïti. Anpil jenn ap bay yon bann istoryen kredi yo pa merite, e jenès peyi DAYITI poko janm reyalize rezon fondamantal ki fè dirijan peyi DAYITI pa janm mete yon Bon jan Enstiti Istwa kanpe ann Haïti. Nèg yo pa vle nou konnen kote nou soti, sa k te mennen nou nan konstriksyon LETA-NASYON HAYTI a, e kote nou prale. Alòs, mwen pa t ap onèt si m pa ta jete flè pou Pwofesè Tony Cantave mwen te kwaze nan FASCH ki te rijid anpil. Pwofesè Cantave pap pran charabya nan men elèv; ou gen lenpresyon misye memorize tout liv Istwa DAYITI e li konnen avèk gran presizyon nan ki pat ou pran yon enfòmasyon, menm lè ou bliye bay sous la ak volonte. Pwofesè Cantave te kwè nan chif li. Lè misye di w fòk ou banm konbye liv kafe, kakawo, sik Sendomeng te konn pwodwi, w ap mande w kote w pral jwenn detay sa yo; men lè misye met presyon sou ou e li ba w kote pou w ale, ou fini pa jwenn enfòmasyon yo. Yon nèg kou Tony Cantave se yon modèl Pwofesè ki te make pasaj li nan UEH e ki banm yon lòt pèspektiv sou Istwa DAYITI. Lè w fin pran bèt la nan men Pè Antoine Adrien, ou vin teste sou Tony Cantave ki pouse w fouye plis. Gen kèk istoryen ki te bannou anvi kraze bèt kou Alain Turnier ak Roger Gaillard ki ekri kèk bon liv.

Ou pa ka pase Sen Masyal, sitou lè w fè 14 zan la, pou w pa konn vrè istwa Peyi DAYITI; non sèlman gen pwofesè serye, men gen dokiman. Mwen gen lenpresyon tout pwofesè Sen Masyal te istoryen nan yon fason. Mèt Cassamajor fè Fizik, men li rakonte e fè Istwa pandan l ap fè moun ri; Mèt Fritz De La Fuente fè Chimi, men nan 60 minit kou, li fè 30 minit istwa kontanporen e li fè 30 minit Chimi; ak Mèt Prisca Jean Vilfort, ou konn tout sa k ap pase nan Katye Jeneral FADH, ANTI-GANG, ak anndan FRAPH; san konte Monsenyè Louis Kébreau k ap baw enfòmasyon sou LEGLIZ ke w pap jwenn ekri pyès kote pandan l ap fè kou Savwaviv. Sa fè lapenn pou wè gen nèg ki te sou ban lekòl ak ou, ou reyalize se anba ban yo te ye. W ap mande w kouman yo fè reyaksyonè. Yon nèg kou Prisca Jean Vilfort ka te gen tout defo, men misye pat janm pran nou kou timoun e li te pòte nou wè lavi an granmoun e sispann aji kou timoun. Mwen pa janm wè yon nèg ki gen grenn kou Prisca; se yon nèg ki make m anpil e ki fè m wè lavi yon lòt jan e ki ankouraje m fè Metafizik paske m te toujou rale misye sou kote pou m poze li kèk kesyon. Gen nèg ki konn Mèt Prisca sou fasèt blagè, yon radotè k ap fè gwo gòj; mwen, mwen konn misye kòm yon nèg k ankouraje ti jeunes li, kraze bèt, aprann konprann e poze bon kesyon.

Ou ka reyalize tout sa m ap di la yo pa gen anyen pou wè ak sijè a, tit tèks la, pa vre? Lol. He byen, se eseye m ap eseye fè w konprann poukisa mwen do Bandi LEGAL yo remize e pèdi chèlbè yo. Nan jenerasyon pa m nan, gen nèg ki te sou lekòl e ki konn li tout bon. Yon nèg pa ka pase Lise Petion pou w te gen Mèt Mozart Clerisson kòm Pwofesè pou w pa konn istwa DAYITI ou. Si m pa twonpe m, Mèt Mozart mwen konnen depi m gen 9, 10 paske m te konn al pran leson nan pansyon kote l te ye nan Rue Cameau nan men Mèt Fanfan se premye nèg ki fè elèv fè ekspoze nan kou Istwa e se yon mak fabrik misye Pote nan Kolèj Saint François d’Assises. Mesye, lè m di nou peyi sa se pa valpa sèlman li pwodwi; mwen konn sa m ap di. Yon nèg ki chwazi fè ti komik jan Mèt Prisca te renmen di, se zafè pa w; men te gen mwayen pou nèg te ranmase bèt. Yon nèg ki te sou Lekòl, nan epòk pa m nan ki fèt nan ane 76 yo, kit ou te nan bon lekòl, kit ou te nan Lise, depi se lekòl ou te ye tout bon, w ap pran bèt e ou te gen mwayen pou w te konn li tout bon. Lè m fin fè Filo Sen Masyal, mwen te ka fè deba ak nenpòt gwo savan paske m te gen anpil kiryozite e mwen te gen bon jan modèl de kisa yon entèlektyèl ta dwe ye. Alòs gen 2 nèg nan Pòtoprens, si w pat konn tande yo, ou pap enfòme: 1-Bouboul, Serge Beaulieu ak 2-Kwokodil de Delmas, Jean Dominique. Ou gen lenpresyon, se 2 nèg ki chita ansanm, epi ki di y ap sekwe sèvo moun. Vakabon ti bout chòt te konn rele Beaulieu makout; menm reyalize Radyo Libète misye te genyen sou granri a se bon jan Libète li t ap pwone tout bon vre. Si jenès 86 la te pran tan pou yo te tande Serge Beaulieu ak Jean Dominique k ap fè lese frape, nou pa t ap fè tan ak malpwòpte LAVALAS, alevwa pou m ta tonbe nan ti banben PHTK.

Tande, frè m ak sè m konpatriyòt, peyi a sou wout chanjman paske gen yon ti minorite zwit ki fè Listwa, ki tande pwofesi ki fèt sou peyi sa depi yo timoun, ki te konn chita nan Lakou Plètil e ki tande koze, ki konprann. Nou mèt kwè m, Haïti nou wè ki la a, mi pou yon dezyèm Revolisyon e gen moun ki travay pou sa e gen yon ekip dinamik k ap travay nan tout sekrè ak diskresyon sa mande ki pare pou fè ladiferans; men fòk nou te kite bandi legal klas POLITIK dechè moun yo, LABOUCHWAZI, ETAZINI ak CORE GROUP la bay tèt yo yon otogòl, epi match fini, yo elimine. Si w konprann listwa byen e ou konprann jeyopolitik byen, w ap reyalize swadizan Akò Klas Politik la di li jwenn la, se dokiman ak desè yo yo siyen e yo swiside tèt yo, yo mouri, yo mouri nèt. Ann priye pou yo al fè lobbying Kay Mèt yo WASHINGTON pou yo met dènye kout tiwèl la nan kavo a kòm machann peyi san pitye. Franse ak pawòl LEVANJIL la di:”Le méchant fait toujours une oeuvre qui le trompe”. Zafè peyi pa diskite sou Rezo Sosyal tankou FACEBOOK; mwen kenbe rès analiz la pou m bay ti jeunes n ap fòme nan Pwogram Lidèchip nou genyen k ap mache. Sèl sa ou dwe sonje: Haïti libere, e WAYÒM HAYTI a pral kanpe. Sèl sa ou dwe konnen: SAKALAKAWÈL, SAKIKWÈVALA!

Nou pa ka fini tèks sa, san nou pa salye pi gwo pwofesè listwa yo ki se moun ki te konn fè mizik konsyans tankou “Les Frères Parents” ki mennen yon konba liberasyon ak mikwo, san tire wòch; e sa k dwòl la, se andikape fizik tout nèg sa yo te ye, e yo rive reveye konsyans tout yon peyi. M ap sonje lè m nan laj 10, 11 zan n ap fè wòl nan vakansdete SENMAK, Pa gen pyès san Chante FRÈRES Parents ki di: …..Men se yon Haytien natif natal mwen ye, si pèp mwen ap soufri; mwen pa fouti rete bouch pe; menm si yo vle touye, fòk mwen chante mizè yo”. Nou pap bliye Manno Charlemagne, Boukman Eksperyans, Boukan Ginen, Koudjyay ak Samba Kessy, Wawa e Azor, ak tout lòt gwoup ki chante listwa peyi DAYITI. Nou gen yon liv ki pare deja ki eksplike ki jan bandi legal yo falsifye listwa DAYITI pou kenbe nou nan Tim Tim bwa chèch, fè n ap fè demagoji pete kouri monte desann pandan y ap fè chawony nan Larepiblik fè dezòd, touye moun, vann moun, fè krèy, fè masisi, fè blag sou malere e mache rakonte pawòl tèt anba: “HAÏTI MALAD KOUCHE, LI PAP JANM REFÈ”. Si w gen yon Bib HAYTIEN, m ap ankouraje ou li Ezekyèl 34, 35, 36, 37; Ezayi 60, 61, 62, 63,64, 65, 66; Jeremi 4 ak Jeremi 30.

Pè esperiten Max Dominique, kritik literè te toujou di m, soti 1995 jouk li mouri pou m pa janm gade yon sèl kote; men pou m toujou fè jefò pou m monte sou tèt mòn nan e vire je m nan tout direksyon; e misye mete m chita pou l fè m konprann teyori “Déconstruction” e menm fè m pran kou ak Pwofesè Jacques Derrida ki se yon maton nan kesyon sa. Yon nèg ka masisi; epi ou aprann de li bagay SANTIBON; yon nèg ka yon vòlè, epi se li ki eksplike w kijan pou w pwoteje tèt ou; yon nèg ka yon asasen, epi se li ki fè w konprann nesesite pou w pa janm ni touye moun ni fè moun abi. Gen 3 nèg ki fenk pran 50tèn yo la ki make m anpil ki fè gwo sakrifis nan fòme moun e viv sa yo kwè ki preche m LEVANJIL sa toutan: 1- Frè m ki toujou kouri dèyè m pou m chache wout moderasyon, Jean Colls Rameau ; 2- Jean L Saint Phard , Donald Saint Phard, antrenè m nan telejeni 95, ki sipòte m anpil soti 1995 jouk mwen kite Haïti nan ane 2000 ki se yon nèg konsekan; 3- Chèf Eskout mwen, Frantz Corvil , ki fòmem nan mouvman eskout la e ki toujou pòte m pou m gade gwo tablo a. Nou pa zago loray , loray kale; nou te gen granmoun, nou aprann mache sou prensip, nou aprann respekte moun, e nou gen moun k ap swiv nou e ki ka rale zòrèy nou nenpòt la pou anpeche nou tonbe nan twou. Si moun ki rele tèt Istoryen te serye tout bon vre nan fè travay yo, peyi a pa t ap rive ba konsa pou se masisi k ap ddirije monn lan ki gen lavwaochapit sou bout tè LETÈNÈL bay Papa DESSALINES nan. Sonje m toujou di nou, sèl mwayen pou bandi pa deraye nou e fè nou pèdi pye ak bon sans nou, se lapriyè ak lekti pawòl BONDYE k ap ba w konfyans e fòtifye ou.

Gen yon prensip fondamatal: gen yon KREYATÈ Linivè ki kreye tout bagay; e gen yon liv referans pou nou menm, ki se GPS nou, gid nou ki se LABIB ki tradwi nan lang Ayisyen an ke yo rele kreyòl tou. Ak GPS sa, ou pap fè wout kwochi! Ou mèt kwè m k ap la nan selebrasyon ENDEPANDANS 2.0 e ki deja ap travay anndan Ekip NÉHÉMIE an ki gen anpil anpil moun k ap konstwi WAYÒM HAYTI a, peyi a ap chanjman, chanjman an pa lwen!

Ak BONDYE, n ap reyalize gwo bagay! N ap mache pou n rantre KANAAN ak JERIZALÈM!

Yon salitasyon espesyal pou ene, gran frè nou, Frantz Jean Baptiste, Pastè Daniel Ulysse, Yves Roy Pierre ki bannou anpil motivasyon nan jou yo la kote anpil moun sispann pale ak nou paske nou di verite nou konnen sou PREZIDAN JOVENEL MOÏSE ki te yon advèsè, men ki pat yon enmi e ki te gen franpale ak nou. N ap vanse sou liy dwat la; e nou konnen “Twou manti pa fon”.

JEZIKRI SE SÈL ASIRANS NOU GENYEN!

NAMASTE! SHALOM!

Kerlens Tilus. 09/05/2021
SNEL76_2000@YAHOO.COM
Tel: 631-639-0844

Comments are closed.