Prezidan peyi Ajantin nan, Alberto Fernandez teste pozitif pou kovid-19

437

04/03/2021

Buenos Aires_____(TRiboLAND) Prezidan ajanten an, Alberto Fernandez ki pa gen lontan vaksine pou kovid-19, anonse vandredi 2 avril ke li pran viris pongongon an daprè yon tès antijenik.

“Nan fen joune vandredi a, mwen pat pote’m byen ditou ditou, e mwen te gen yon fyèv kit e a 37,3 ak yon ti tèt fè mal; yon fè yon tès antijenik pou mwen e yo wè mwen te teste pozitif pou kovid-19,” se deklarasyon M. Fernandez sou yon kont twitè.

Comments are closed.