Joe Biden ap Mennen lejèman sou Donald Trump avèk yon entèval 8 pwen

260

10\31\20

Wachenton, ______(TRiboLAND) Kandida demokrat la Joe Biden ap mennen sou Prezidan Trump lejèman ak yon diplis 8 pwen sou 10 pwen avans ke li te genyen nan debi mwa oktòb la, daprè Fox News national survey ant votè favorab yo pou prochèn eleksyon 3 novanm 2020 yo.

An gro, Biden ap mennen sou Trump avèk yon avans  52-44 pousan maj, swa 53-43 pousan antèt depi twa semèn.

Pami entasyon vot yo, supòtè Biden yo te ant 51-53 pousan depi kòmansman mwa septanm lan, e ki te pi plis nan eleksyon 2016 la, kote ke oken candida pat depase 48 pousan supò nan sondaj avan eleksyon yo oubyen nan rezilta final eleksyon yo.

“Biden kenbe yon avans sibstansyèl onivo nasyonal e anpil moun gentan vote deja, e genyen sèlman kèk moun ki poko deside…. Se pa fasil pou moun wè kous prezidansyèl la chanje konsa pandan jou yo ap raproche, men sa pa vle di li enposib pou Trump pa arive dekroche mayèt la avèk yon viktwa atravè Kolèj Elektoral la”, daprè yon sondaj demokratik ak repibliken.

Daprè Fox New, sondaj la montre ke Trump jwen preferans bò kote gason blan yo (+17 pwen), votè andeyò yo (+18), e kretyen blan yo (+50), pandan ke Biden jwen benediksyon pami medam yo (+17) pwen), medam zòn rekile yo (+29), Panyòl (+18), Nwa (+66), ak votè ki anba 30 lane (+32).

Anpil ti granmoun te kanpe dèyè Trump avèk yon maj 9 pwen nan lane 2016 la, sepandan, fwa sa, yo favorab pou Biden avèk 10 pwen nan sondaj la.

“Biden gen avantaj pami yon seri group kle tankou: ti granmoun, fanm aryè peyi yo, e ak endepandan. Trump bezwen kèk pwen pami group sa yo pou re-eli kòm prezidan. Youn nan pi gro problèm kous elektoral sa, sè ke li genyen yon stabilite constant; li pa janm chanje prèske pandan tout ane a malgre pandemi kovid-19 la, katastròf ekonomik, ak pètibasyon sosyàl san rete ki makònen ak britalite polisyè,” daprè repibliken Daron Shaw, yon ekspè nan sondaj eleksyon.

Antouka, tout peyi Etazini ap viv yon suspenn san parèy! Kanpay yo ap miltipliye pou fè dènye pase men, yon bon krèy moun deja vote e se plizyè èdtan sèlman kap konte pou yon reviman istorik nan politik peyi Tonton Sam nan.

Comments are closed.