Nòdwès/Kovid-19: 35 ka sispèk, 10 teste pozitif, pami yo yon anplwayè Direksyon Depatmantal Sanitè Nòdwès

423



Pòdpè___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès Mèkredi 20 Me 2020 an, nan kad pandemi kowonaviris la k ap vale teren atravè lemonn, patikilyèman nan peyi Dayiti, sou 35 ka sispèk nan Nòdwès, 10 teste pozitif, pami yo yon anpwayè Direksyon Sante Piblik Nòdwès


Deklarasyon #1 Direksyon Depatmantal Sanitè Nòdwès la, Dr Tony Monestime ki fè konnen Biwo Direksyon Depatmantal Sanitè Nòdwès la fèmen pou yon peyròd 48 édtan answit direksyon an mete tout lòt moun ki gen rapò ak anplwayè sa yo ankarantènn annatandan rezilta Laboratwa Nasyonal yo.

Malgre Maladi a ap vanse agranpa nan Nòdwès, pa gen okenn strikti nan lopital ak nan sant sante yo atravè Nódwès. Direktè Depatmantal Sanitè Nòdwès la, Dr Tony Monestime mande pou otorite sante yo nan Pòtopwens alimante lopital yo ak sant sante sa yo an materyèl yon mannyè pou pèsonèl sante yo atravè depatman Nòdwès la kapab santi yo ansekirite.

Pou n fini #1 Direksyon Sanitè Nòdwès la, Dr Tony Monestime pat manke felisite popilasyon an li di ki kòmanse chanje konpòtman nan respekte mezi dijyèn yo answit nan itilizasyon mas pou pwoteje yo kont pandemi Kovid-19 la.


Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.