Pawas Dèletan: Selebrasyon Fèt Sacré Coeur de Jésus, responsab yo plede renmen ak tèt ansanm pou delivrans peyi Dayiti.

547
0
Share:
TRiboLAND

Dèyè Letan, Pòdpè, Ayiti________(RiboLAND) Fidèl katolik Pawas Dèyè Letan, yon katye popilè, nan vil Pòdpè, depatman Nódwès, selebre Sen patwon yo “Sacré Coeur de Jésus”, jounen vandredi 27 jen 2025 lan. Nan okazyon an, yon mès pou kontanple grandè Granmèt la te rive chante anndan pawas la, anprezans pèleren, fidèl katolik, relijyèz e relijye dyosèz la.

Prensipal selebran an, Rev. pè Claircius Dorvilus, atravè omeli li, deklare: “Fèt Sacré Coeur de Jésus”, se fete renmen. Kidonk, selon prèt dyosezen an, misyon tout kretyen sou tè sila, se viv nan renmen; se kite pawòl Bondye a dirije lavi nou.

Kire pawas Bono a, Rev pè Claircius Dorvilus, rapousib pou’l di, li reflechi anpil, aprè li te fin tande deklarasyon Pastè Martin Luther King ki di :”Nou aprann pou n vole anlè tankou zwazo. Nou aprann pou n naje nan lanmè tankou pwason. Men bagay ki senp lan nou pa janm vle pratike l, ki se renmen savledi : viv tankou frè.

Konsa, li fini pou li di e n ap site : “ jounen jodi a, mande yon moun renmen, se pi gwo chaj ou mete sou do l. Men kanta pou rayi moun, fè lòt mechanste, chèche detwi lavi pitit Bondye, se nan bagay sa yo nou plis chanpyon ki se youn nan malediksyon peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply