Fanmiy ak zanmi ap mande sekou pou Evelyne Sincère ki kidnape

273

10\30\20

Fanmiy, kamarad li enkonsolab, pandan ke kidnapè yo egzije yon magogo lajan, san mil dola ameriken pou lage Evelyne Sincère ki se pitit yon ti malere boulanje ke yo kidnape sa gen plizyè èd tan ki sot pase la.

Evelyne, selon kèk sous familyàl te soti nan egzamen ofisyèl lòske sangwen yo san mande ki mò ki touye lanperè mete men sou.

Evelyne se yon ansyen elèv Lise nan klas Filo, li fè pati Promosyon Sagace nan Lise Jacques Roumain. Anpil kamarad santi yo choke de yon parèy nouvèl. Konsa, yo mete de men nan tèt e mande yon apèl pote sekou, yon fason pou Evelyne antre lakay li san grenn cheve nan tèt li pa rache.

Comments are closed.