Meksik: otorite yo dekouvri 59 kadav nan yon fòs komin

257

10\29\20

Guanajuato_____(TRiboLAND) Otorite peyi Meksik yo dekouvri yè mèkredi 28 oktòb la senkant nèf kadav nan yon fòs komin nan sant meksik. Dekouvèt malouk sa fèt nan yon vil ki rele Salvatierra nan Eta Guanajuato, yon zòn lagè ant diferan katèl dròg kap troke kòn yo.

Pami kadav yo, ou jwen 6 fanm e majorite kò yo se jèn moun ou adolesan daprè deklarasyon Karla Quintana ki se Alatèt Komision Nasyonal Rechèch meksiken an.

Dekouvèt kadav yo arive fèt an fonksyon de yon seri mobilizasyon paran ak pròch moun ki disparèt fè ki pèmèt yo localize fòs komin yo nan Guanajuato. Se pi gro tonb an kachèt ke yo pa janm jwen nan Eta sa, daprè yon konferans depress otorite yè mèkredi aprè midi.

Eta Guanajuato anrejistre plis pase 2250 omisid ant mwa janvye pou rive out ane 2020 an, daprè chèf ofisyèl yo, yon diplis 25% an konparezon avèk dènye.

kredi foto: Jose Torres / Reuters

Comments are closed.