Yon krèy zam ak katouch sezi aprè plizyè yon operasyon muskle fòs lòd yo

293

10\28\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon bilan ke li prezante sou divès operasyon pou trake bandi kap simaye dèy nan  popilasyon an nan mwa oktòb 2020 an, pòtpawòl polis nasyonal la, Michel-Ange Louis-Jeune fè eta plizyè operasyon ke yo efektye lannwit pèmèt key o arive sezi 11 zam, 7 fuzi, yon milye katouch san konte plis pase yon demi douzèn bandi ki ale alenfinitif nan troke kout zam ak lapolis.

Nan depatman Nip yo, 4 bandi ki mare sosis yo ak ansyen chèf gang Arnel Joseph jwen lanmò yo nan troke kout zam ak ajan PNH yo. Konsa, lapolis te arive fè dap piyanp sou 9 chajè avèk 5 fuzi.

Nan Sen Michèl Latalay, ajan PNH yo vide atè 3 prezume bandi nan echaj manch long. Alòske nan Pòtoprens fòs lòd yo arive fouke yon bandi e konfiske yon fuzi AR 15 ilegal ak yon chajè ki genyen 19 katouch.

Konsa, nan sousi pou arive rann lavi bandi yo ensupòtab, daprè rapòte PNH la, Michel-Ange Louis-Jeune solisite asistans popilasyon an pou kolabore ak PNH la.

Comments are closed.