Lajistis ak Lapolis lanse yon operasyon “Jete Filè” dèyè bandi yo nan Okay pou 2 mwa

276

10\29\20

Okay_____(TRiboLAND) Nan tèt kole, pou pa kite vil Okay tonbe anba men bandi sangwen, Lajistis ak Lapolis batize yon operasyon “Jete Filè” atravè vil la an yon fason pou kwape fenomèn bandi yo kap rann lavi popilasyon ansupòtab.

Operasyon sa ap dire 2 mwa e Jacques J. Dorival kap fasilite operasyon an tap entèchanje avèk popilasyon an mande pou tout moun mete yo alèz avèk Lapolis la sitou mete yo okouran yon seri aktivite sispèk kap fèt nan katye yo. Operasyon an ki demare yè swa mèkredi 28 oktòb la te demare avèk “zorat” kote ke divès moto san anrejistreman arive sezi, sitou moto kap bay problèm nan sensekirite rejyon an. Sepandan, oken arestasyon pa arive fèt nan premye jou operasyon an.

Divès antite ou inite espesyalize mobilize e yo te nan divès lokalite tankou: Kat Chemen, Anba Lasavann pou nou site sa yo sèlman. Anpil foul moun nan diferan katye nan vil Okay felisite yon parèy operasyon ki vize ratibwaze mouvman gang ou ensekirite kap taye banda nan depatman Sid la.

Prèske nan tout bout kwen, patrouy fè kenken, yon sitiyasyon ki ranfòse konfyans popilasyon a fas ak Lapolis e Lajistis ki detèmine pou operasyon “Jete Filè,” bay rezilta.

Comments are closed.