Yon inite douz polisye PNH sot pran yon metriz nan dwònn nan peyi Meksik

939

09-24-2023

Yon douzèn ajan PNH retounen soti nan peyi Meksik apwè yo dekwoche yon metriz nan kad fòmasyon operasyonèl dwònn, selon otorite PNH ki te resevwa yo nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture jounen samdi 23 septanm 2023 a.

Fòmasyon sila ki te fèt nan kad koperasyon ant PNH la ak peyi Meksik, te yon veritab pwiyoritè pou alatèt PNH, Frantz Elbé ki ta sanble detèmine pou dote polisye zouti nesesè. Se egalman yon dispozitif ki vize pou ranfòsman djanm fòs sekirite yo anndan peyia e kontribye nan kapasite ak bonjan pèfòmans polis nasyonal la.

Comments are closed.