Tranblemantè: Kisa tout sitwayen lakay dwe konnen

0 741



Sa fè dis lane depi yon tranblemantè te fwape Ayiti, anpil moun te pèdi lavi yo gen moun ki pale de 250,000 kretyen vivan ki mouri, gen lòt ki pale jiska 500 mil moun ki te fe vwal pou peyi san chapo. Yon katastwof trajik ke nou pa dwe janm bliye. Nan okazyon an nou te resevwa enjenyè Regis Patrick Nenfy ki se egalman yon lengwis ki tap reponn kesyon TRiboLAND.



1-Kisa yon tranblemante ye?

Se lè tè a sekwe oubyen tranble. Se tankou ou ta gen yon tab ki chaje, ki gen asyet, vè, elatriye sou li epi yon bagay kelkonk pase epi li frape pye tab la. Ou riske jwen bagay ki sou tab yo kraze sa depan ak ki fòs bagay la te frape pye a. Se menm fenomènn nan ki rive lè gen yon tranblemantè. E kòm enfomasyon: gen plis pase yon milyon moun ki pèdi lavi yo nan tranblemantè sou latè nan 20 dènye ane sa yo. Sa vle di se yon pwoblèm ki mande pou nou bay anpil konsiderasyon.

2-Kisa ki koz gen tranblemantè?

Syantifik ki espesyalize nan etidye tè a, jan li fonksyone, yo rele jewològ yo dekouvri ke tè a divize an yon seri de plak tektonik. Yo defini 2 tip de plak tektonik: plak tektonik majè ak minè. Majè yo vle di sa ki pi gwo yo e minè yo se sa ki pi piti yo. Gen yon kenzènn gwo plak ak yon senkantènn piti. Se kòm si ou ta gen yon zaboka ou fèl fè 15 gwo tranch epi yon senkanten ti tranch. Syantifik yo remake ke plak sa yo gen kèk kote nan mond lan yo an aktivite. Youn ap fwote ak lòt. Fwotman kap fèt la pèmèt ke gen yon ansanm eneji ki vinn anmagazine e lè enèji sa yo akimile, vle di vinn fè yon pakèt, lè yo libere se yo ki koz tè a tranble a. Malerezman Ayiti, menm jan ak anpil lòt peyi tankou, Chili, Meksik, Iran, Eta Kalifoni, Ozetazini chita sou zònn kote plak yo ap fè mouvman yo se sak fè nou gen tranblemantè an Ayiti ak nan lòt peyi sa yo. Se pa yon bagay ke nou kreye, men se yon bagay natirèl ki ap repete.

Image result for tremblement de terre haiti



3-Poukisa gen tout moun sa yo ki mouri nan tranblemantè an Ayiti?

Premye bagay nou vle di, nou konstate ke pami tout sa ki gen lavi, tankou pyebwa yo, bèt yo ki ap viv sou tè a se sèl lòm ki viktim le yon tranblemante pase. Se paske nou abite nan kay. Kòm nou pa ka anpeche tranblemantè rive, sèl sa nou ka jwe sou li poun diminye kantite moun ki mouri yo lè yon tranblemantè pase se kalite kay nap fè pou nou rete ladan yo. Yon bon kay se remèd tranblemantè! Lòt konsta nou fè, lòt peyi nou te site avan yo (Iran, Tiki, Pakistan, Meksik, Chili, elatriye toujou gen tranblemantè tankou nou e pi gwo pase nou, yo pa menm konn gen yon santènn moun ki mouri lakay yo? Donk, nou dwe poze pwoblematik konstriksyon an Ayiti.

4-Kisa ki vrè pwoblèm Konstriksyon nou an Ayiti?

Mwen pale de pwoblematik paske pwoblèm konstriksyon an se yon pwoblem konpleks ki mande entevansyon anpil lot domen pouw rezoud li. Yon nan gwo pwoblem nou genyen, se pwoblem ibanizasyon, sa vle di jan vil nou yo ye e jan yo kontinye ap devlope ou ap etann yo. Nou gen yon polilasyon kap ogmante e k’ap deplase, se sa yo rele pwoblem demografik la melanje ak egzod riral, (moun ki pral abite lavil pou cheche lavi) . Fenomènn sa yo fè ke vil nou te genyen yo ki te bati depi plis pase santènn ane avan pat fèt pou tout moun sa yo ke li gen koulya. Sa vinn kreye bidonvilizasyon, vil ki pa respekte okenn nòm, oken prensip ke sa mande pou yon vil rele tet li vil tout bon. Pa gen yon vil an Ayiti koulya ki se yon vil nòmal e ki reponn a okenn estanda. Kay yo fèt kole kole, lè youn ap tonbe nan tranblemantè a li pèmèt lòt la tonbe; si youn ta pran dife, lòt la oblije pran dife tou; lè yon moun malad pa gen kote pou anbilans antre al pran moun nan, wout nou yo pa gen dimansyon estanda, twotwa nou yo pa gen espas pou lakou ak pou plante pye bwa, pwoblèm anviwònnman, leta pa defini sou ki pipiti teren yon moun dwe bati elatriye. Konsa, nou gen yon gwo tonton pwoblèm ibanis ak ibanizasyon.

Yon lòt kote, nou gen pwoblèm nan chwa konstriksyon nou yo ak kijan nou fè kay nou yo. Nou se yon peyi a ris sismik, sa vle di nenpòt lè tranblemantè ka pase. Nou pat sipoze ap konstwi gwo kay lou ki fèt ak dal beton, ki pou tonbe sou moun yo pou tiye yo. Epi lè nap fè kay nou yo, yo fèt san okenn kalite. Nou pap pran moun ki konnen, bon pwofesyonèl, pou ede nou fè kay ki ka reziste lè yon tranblemantè. Materyo ke nou ap itilize ki pou kay nou yo pa bon: fè metalik ki ap vann an Ayiti yo pa bon, yo pa gen grad ak dimansyon ki nesese, dyamèt yo pa bon, twò piti, sab yo pa bon, yo gen anpil salte ak tè ki redwi rezistans beton yo, Blòk yo mal fè yo pa vibre elatriye, yo inik finn fè yo e yo mete yo nan solèy pou seche alòske se pa sa ki dwe fèt. Donk, konstriksyon nou yo plis ke 90 % mal fèt.

Ou gen yon pwoblèm mantalite. Mantalite moun yo pa bon: Menm si yo ta gen lajan men mantalite yo pa montre sa, aksyon yo mizerab : Menm yon boujwa ki ap fè kay pap pran yon enjenyè, menm yon moun klas mwayènn ki ap fè yon kay li pap pran yon enjenyè. Yo pap depanse 10 a 25 % an plis pou yo abite nan yon kay ki an sekirite. Mwen rele sa ekonomi bout chandèl. Wap ekonomize yon lajan alòske kay sa a pral tiye w pi devan. Pou kiyès ou tap ekonomize lajan an? Yon moun pase prèske 1/3 tan w sa vle di 8 èd tan ap domi chak jou. Ann imajine tranblemantè a ta pase lannwit. Donk, yon moun gen an anviwon 33 % chans pou w mouri. Nou gen yon pwoblèm otorite leta, leta ak politisyen kite moun yo konstwi jan yo vle paske yo pa vle pou moun yo pa vote yo lè eleksyon. Leta ak Meri yo pap voye enspektè ak kontwòl kay yo lè yap konstwi. Lè yo resi ale se koripsyon, ajan yo pran lajan anba tab yo pa kontwole anyen. Leta pa vilgarize bon prensip kijan pou moun konstwi ase.

Yon lòt pwoblèm anko, se pwoblem popilasyon an ki pa gen lajan poul konstwi bon kay solid. Paske pa gen yon syans pou malere, pa gen yon syans pou grannèg. Se menm prensip yo pou tout moun. E respekte prensip yo mande pouw gen lajan. E nou konnen preske 70 % popilasyon an pa gen yon travay ki gen nen nan figil.

5-Ki solisyon paske pa gen pwoblem san solisyon?

Tout pwoblèm gen solisyon. E yon pwoblèm ki byen idantifye, byen poze tou gen ladan l eleman solisyon l. Konsa, nou bezwen yon kòd ibanis nasyonal ou rejyonal nan meri yo ki pou defni prensip ki pou respekte pou vil yo: ki zònn, ki zònn rezidansyèl, komèsyal, zònn espesyal kote biwo leta ye, zònn endistriyèl, ki adrese pwoblèm adrès, sekirite, anviwònnman, sikilasyon, lotisman elatriye. Answit ou bezwen vilgarize kòd konstriksyon yo ak kòd inabis sa yo pou moun yo konnen yo pou nou ka gen yon lòt kalite konstriksyon. Ou dwe konstwi lòt vil modènn oubyen amenaje sa ki la yo nan yon sousi ekonomik pou w byen oryante chwa leta yo. Apresa, ou bezwen meri yo pran otorite yo pou fe moun yo respekte kòd yo, epi rezoud pwoblem koripsyon onivo ajan meri yo kap pran kob anba anba yo. Epi egzije ke gen yon pwofesyonèl konpetan ki pou fè konstriksyon yo. Leta dwe fose konpayi kap vann materyo yo, fè metalik yo, sab, blòk elatriye pou yo vann bon kalite materyo.

Ou bezwen re-edike moun klas mwayènn yo ak boujwa yo pou edike mantalite yo pou yo konprann ekonomi bout chandèl se fouye pwòp tonb pou yo rete.

Fòk leta mete kondisyon pou travay kreye pou moun yo gen lajan pou yo ka konstwi bon kay. Sa ki ap travay ki pap touche salè ki gen nen nan figi yo, ogmante salè yo.

6- Kisa nou dwe konkli?

Poum fini , an nou bay lavi tout valè l, an nou pa detwi l. An nou konstwi bon kay pou nou rete paske bon kay se sèl remèd tranblemantè. Chak sitwayen gen responsablite pa rapò ak lavi l e nan chwazi moun kap vinn dirije l. An nou montre plis responsablite nan pwoteje lavi nou pandan nap konstwi bon kay pou nou rete. Leta dwe pran responsablite l tou pa rapò a sitwayen yo nan mete politik ibanis ak nan mete bon kontwòl sou jan kay ap bati.

Regis Patrick Nenfy, pnregis@gmail.com

3053054493

Leave A Reply