Meksik : migran Ayisyen nan Tapachula derape an wout pou Etazini ak yon nouvo kavavànn

1,818

09/04/2021

Meksiko _______(TRiboLAND) Sa fè 4èm tantativ migran ayisyen pou rive sou fontyè Etazini atravè tèritwà meksiken an. Gwoup migran sa ki soti nan Tapachula ak Chiapas te jwen kanè pandan 3 fwà yo tap eseye antre lakay Tonton Sam.

Malgre gwo risk danjre ki genyen pou yo pa arive jwenn pasaj e otorite kapab bloke yo nan wout; youn nan pòpawòl migran ayisyen yo deklare ke yo pa genyen oken lòt chwa sinon ke pèsiste kanmèn.

Anpil nan yo te rive Meksiko depwi pwèske yon lane, gen lòt ki la depwi mwà Me e tout tis a ke yo tap ekonmize nan peyi Chili ak Bwezil pwèske fini e yo pa konnen ki sen pou yo rele. Nou angaje nou nan yon parèy demach se akoz lantè otorite imigrasyon meksikèn yo ki chwàzi pa reponn demand yo. Se tout bagay sa yo ki fè yo antòtye nan Chiapas pou pwèske yon lane, san aksè medikal, manje, e yon kote pou dòmi.

Menm karavànn ke demare jodi samdi 4 sèptanm nan; se nan menm fason sa karavànn ki te òganize jedi pase a te kranze anba men otorite yo. Pi gwo kesyon an, se konnen a ki pwen migran sa yo ap kapab rive.

Comments are closed.