Yon bis Pòdpè chavire nan rejyon Savann Dezole: yon krèy moun krabinen ou blese gravman grav

290

10\23\20

Savann Dezole____(TRiboLAND) Yon otobis Pòdpè ki pote non “Five O Nine”, ki natif natal Nòdwès chavire avan ou antre Savann Dezole ap sòti Pòtoprens jodi 23 oktòb 2020 an. Enfòmasyon yo fè konen bis la te kòmanse ap trese lèl nan moman li tap bay ti kout tèt sou pakou li pou antre nan depatman Latibonit lan, daprè plizyè pasajè ki soti sen e sof nan aksidan an ki lakoz plisyè lòt moun krabinen e blese gravman grav.

Yon lòt sous konfime bay TRiboLAND ke viktim yo ki te antòtye, te gen gro difikilite pou jwen asistans sèvis dijans ak sekouris sant ospitalye rejyon ki a kèlke kilomèt Timalis. Se te preske nan gro tanpri souple ak manèv kèk lòt machin kòmèsyàl “papa bon kè” ki te pase pran ou transpòte kèk nan viktim yo.

Sepandan, li poko klè ki sa ki te okazyone yon parèy aksidan, alòske plizyè fanmiy nan vil Pòdpè anba gro konstènasyon avèk ren mare ak konprès sou tèt.

Comments are closed.