Pòdpè : Moun Miryam pase anba bwa kale yon vòlè

09 – 09 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Moun Mon Myriam nan vil Pòdpè pase anba bwa kale yon jenn gason ki abitye vin kase kay nan zòn lan, maten lendi 09 septanm 2024 la, vè 3è. Nan moman moun yo met men sou eskanmòtè a, li avre sa fè plizyè fwa li kase kay nan zòn lan. Dènye aksyon li fè nan mwa sa, se dap piyanp li te fè sou yon pano solè ke li te pran lakay yon rezidan.
Moun nan Miryam depi kèk jou toujou rete vijilan akoz kay ki toujou ap kase; se yon sinyal anplis yo voye pou tout asasen ki gen plan vin kase kay moun nan zòn lan.
Divès moun nan peyi Dayiti rete kwè mouvman bwa kale a, se youn nan veritab zouti ki vrè solisyon pou rezoud pwoblèm bandi sangwen k vòlè politisyen kap dechèpiye peyia.







Bwa kale vîn Yon bagay nòmal nan peyi sa
Tribolend port de paix MST
😱😱 tèt chaje wi o may gòd
Bon travay AK popilasyon an
Triboland mont organisé