Lig foutbòl Pòdpè a denonse Senatè Kedlaire Augustin ki te pwomèt men ki pa delivwe.

2,219

John Jean Jacques

12/14/2021

Pòdpè_________(TRiboLAND) Lig Foutbòl Pòdpè a denonse ak tout fòs li fo pwomès po pistach oubyen pwomès bò katedral ke senatè Kedlaire Augustin te fèl pou rekonpanse ekip chanpyòn ak vis chanpyòn Imma Copa yo.

Nan yon nòt ki pibliye ayè lendi 13 desanm 2021 an, Lig Foutbòl Pòtpè a kalifye zak malonèt senatè Kedlaire Augustin kòm yon “derespektan pèmèt” dèske li pa kenbe pwomès li avè Lig Foutbòl la.

Nan kad Pwemyè Edisyon Imma Copa a ki ta pral sòti 5 novanm pou 8 desanm ki sot pase a ke Lig Foutbòl Pòdpè a tap òganize nan okazyon fèt Patwonal Chèf lye depatman Nòdwès la (Pòdpè), senatè a te pwomèt yon anvlòp 75000gdes pou ekip chanpyòn nan epi 25000gdes pou 2e ekip la. Apwè tout yon pakèt “Ochan” ak “vizibilite” nan flyers, spòt piblisite nan radyo ki gen non senatè a, konpetisyon an fini nad marinad, Lig la pa resevwa yon pyas Lescot nan men senatè a.

Nap raple, nan moman oken ekip poko janm resevwà oken prim, pandan ke tout konpetisyon fini depi 5 desanm pase a. Kritik yo pwofite ap kesyone yon parèy konpòtman ki ta sanble ak jès woule nan farin oubyen yon trese lèl pou arive delivwe pito yon pwomès nan epòk eleksyon.

Comments are closed.