Etidyan pwotestatè nan Nòdwès sèmante 70 fwa 7 fwa fòk Grégory Saint-Hilaire ak Me Monferrier Dorval jwenn jistis

244

10\09\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jan sa te anonse a, Mouvman Etidyan Angaje Pou yon Nouvo Sistèm an Ayiti (MENSH) ansanm ak Fowòm Inivèsitè Nòdwès Ayiti (FUNOH) ki regwoupe etidyan divès fakilte nan depatman Nòdwès la (Inivèsite Valparaiso, UNDH, UEH, UPNOPP), melanje ak pwofesè, sendika anseyan, pati politik nan opozisyon an, òganize jounen vandredi 9 oktòb 2020 sa a, yon mach pasifik nan vil Pòdpè pou kontinye reklame jistis pou etidyan kanmarad yo Grégory Saint-Hilaire ki te mouri, senmenn pase a, anba katouch USGPN.

Mach saa ki te soti devan lokal Inivèsite Piblik la (UPNOPP), pakouri plizyè ri nan site Kapwa Lamò t al bout devan biwo delegasyon Nòdwès la.

Sou tout pakou yo, Etidyan yo t ap lanse flèch andireksyon pouvwa anplas la pou egzije l fèmen wobinè san an anndan peyi a savle di arete tout kriminèl, tout gang k ap simen latwoublay anndan peyi a.

Rive devan delegasyon Nòdwès la, etidyan pwotestatè yo te adrese yo dirèkteman ak rejim anplas la yo di ki pa respekte lavi pèp ayisyen an pandan yo sèmante 70 fwa 7 fwa, fòk kanmarad yo Grégory Saint-Hilaire ak Me Dorval ,,,,, pou n site sa yo sèlman jwenn jistis.

Pati politik nan opozisyon an kj te prezan nan mach pasifik saa, pa t kache kòlè yo devan lanmò potorik jenn gason saa, Grégory Saint Hilaire, (29 lane) mande pou pèp ayisyen an leve kanpe pou rive echèk ak plan rejim anplas la gen nan tèt li ki se disparèt e elimine tout moun SAVE sou tè Papa Desalin nan.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.