Dr. Schiller deklare ke li wont anpil pou kanmarad nan opozisyon ki chwàzi al danse kole ak PHTK

2,115

11/26/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè sou yon radyo nan kapital la, Dr. Schiller Louidor kalifye gouvènman rebwàsaj Ariel Henry “Gouvènman Lawont” ke moun pa kapab espere anyen de li.

Dapwè militan politik la ki fè pati manm kolektif ansyen depute opozisyon an ak alye (CADOA), “mesye dàm ki pote tèt yo nan danse kole ak PHTK a fè pwèv de yon karans ou malnutrisyon koyerans ki montre ke yo pa gen kè pou fè sakrifis nan kàd supòte revandikasyon pèp la ak egzijans pou yon chanjman sistematik ou yon tranzisyon divòse. Se yon seri moun ki pa genyen nanm politik, kap trese lèl pou pozisyone yo pou yon evantyèl kanpay elektoral e kap chèche egalman “bè ak myèl” pou yon sante ekonomik.

“Mwen sezi wè e mwen desu lè map gade yon seri moun ki tap konbat Michel Martelly ak Jovenel Moise kòm piyajè fon piblik yo, efondreman enstitisyon peyi a, komèt gwo krim revòltan nan dènye ane sa yo; konsa, se ak jan kriminèl sa yo leader politik ki tap batay nan kan pèp la al mare sosis”, selon Dr. Schiller Louidor ki tap ekspwime desepsyon li fas ak nouvo rebwàsaj – separaj gato PM Ariel Henry a.

Louidor kontinye pou li di ke li vle rete koyeran ak konviksyon li ki chita sou yon konferans nasyonal souvren, desantralizasyon tout peyi a, rebwàsaj sistèm elektoral la, pwosè Petwo Karibe a, nesans yon nouvèl konstitisyon, jistis dabò pou yon seri moun ke Jovenel Moise te masakre nan katye popilè yo, jistis pou asasinay Jovenel Moise la egalman ak demaraj sistematik devlopman peyi a.

Angwo, Dr. Schiller rete kwè, bagay sa ke yo afiche nan figi moun ankò, se yon twàzyèm vèsyon PHTK ki pa genyen oken lòt misyon ke pou simaye vòl, vyòl sou fanm, ak miltipliye krim atravè ame gang ke yo federe anndan peyi a.

Comments are closed.