Chèf pakè Pòdpè a anonse yon seri asiz kriminèl san asistans jiri.

1,730

03/10/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Komisè gouvènman a.i pakè Pòdpè a, Me. Michelet Virgile anonse yon seri asiz kriminèl san asistans jiri kap gen pou dewoule nan mitan mwa mas la.

Asiz sa yo, dapwè deklarasyon chèf pakè a, ap gen pou tanmen nan lide pou rive diminye fenomèn detansyon prevantiv prolonje a nan prizon sivil Pòdpè a.

Konsa, administratè pou yon ti bout tan an, estime bò kote pal, genyen gwo jefò ki deja fèt, pandan ke l fè konnen avan pozisyon l lan, tout anplwaye te chèf men avèk leadership li, tout anplwaye yo, non sèlman rete nan tach yo men tou jwe wòl yo jan sa ta dwe fèt.

Pozel kesyon pou konnen kòman l’ap atake fenomèn ensekirite a? Komisè gouvènman a.i a fè konnen popilasyon an dwe kolabore ak lapolis, la jistis nan lide pou yo kapab jwenn bon jan enfòmasyon sou aktivite bandi sangwen yo.

Li enpòtan pou konnen, fenomèn detansyon prevantiv prolonje a se yonn nan pi gwo defi sistèm jidisyè a ap konnen nan peyi Dayiti.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.