Okay: manifestasyon e piyaj magazen

1,523

Okay, Ayiti_______(TRiboLAND) Popilasyon Okay la, afiche yon lòt fwà ankò kolè yonan twàzyèm joune manifestasyon an kont Ariel Henry vandredi 9 septanm 2022 a. Yon manifestasyon ki pran yon lòt dimansyon ki karakterize anba lobedyans piyaj yon seri magazen.

Yo te parèt trè an kolè e yo tap denonse sou pakou yo chète lavi a ak monte imajinè pri prodwi premye nesesite ki pa sispan moute balkon. Yo arive anvayi e piye plizyè magazen prodwi alimantè nan blòk Ri Antoine Simon ak Cartagéna. Yo pote ale yon latriye machandiz.

Yon ponp gazolin “Total” pat epanye anba kolè protestatè yo ki atake e reproche pratik mache nwà propriyetè biznis sa yo ki provoke ratman gaz la, nan depatman Sid peyi a.

Comments are closed.