Pa gen pyès Jij swadizan pwòp k ap pran dosye JOVENEL MOÏSE la; fòk pèp la prepare li pou l mache pran bandi k ap fè vyolans sou li depi 1806!

1,081

Gen moun ki pran JOVENEL MOÏSE pou yon egare; men ansyen PREZIDAN an te gen yon entèlijans emosyonèl ak sosyal ki trè elve; e se sa ki fè misye te yon aslè ak yon brasè. Lè JOVENEL MOÏSE te deklare nan peyi LAFRANS ke li te nome 50 jij kòwonpi sou rekòmandasyon, li te konn de kisa li t ap pale e li konn ki sa l te vle akonpli ak pawòl sa. Gen moun ki panse gen blag nan dirije Leta; se konprann yo pa konprann. Depi yon nèg fin prete sèman e enstale kòm PREZIDAN nan tout peyi sou latèmodi, gen yon seri de moun yo rele “gadyen” ki dwe reyini pou fè yon lòt seremoni kote yo dwe bay nouvo PREZIDAN an tout sekrè ak pwofesi ki kache ki genyen sou peyi a. Tout Chèfdeta gen konseye mistik, okilt, majisyen ak divinò k ap travay pou yo. E, genyen nan moun sa yo, se Anplwaye ofisyèl LETA yo ye. Pa gen pwofèt serye, majisyen tout bon, divinò ki gen grenn nan yon peyi ki ka refize konseye yon Chèfdeta.

Plizyè fwa, mwen te abòde kesyon 50 jij kòwonpi sa ak Prezidan an e nan mwa Oktòb 2019, mwen te abòde kesyon sa ankò ak PREZIDAN an an prezans Komisè Claudy Gassant ki t ap negosye ak defen an sou koze ULCC. Sa JOVENEL MOÏSE te rakonte m yo te fè sans pou mwen. Èske nou wè te janm gen Jounalis vedèt ki te janm fè limyè sou pawòl PREZIDAN an pou yo te konnen e fè pèp la konnen kiyès ki te fòse li nome 50 jij kòwonpi? Non. Poze tèt ou kesyon poukisa pa janm gen yon medya ki fè repòtaj serye sou kesyon sa. M ap pwofite pou m di nou ke RNDDH, pifò asosyasyon dwazimen, tout gwo avoka, CSPJ, tout gwo politisyen an tèm popilarite ak tout patwon medya te konnen zafè jij kòwonpi yo, e yo konn itilize jij sa yo pou zafè pa yo tou. JOVENEL MOÏSE te pwofite pasaj li nan peyi LAFRANS pou l te voye yon sinyal detrès; malerezman, pèp la t ap dòmi.

Mwen vle nou louvri je nou, louvri zòrèy nou byen laj pou nou wè e tande. Se konplo 50 jij kòwonpi sa yo ak moun ki benefisye de vye mès yo ki touye JOVENEL MOÏSE. Pa gen avoka ki koni ann Haïti ki pa konnen egzistans sistèm mafya k ap kontwole Lajistis nan peyi a. Tande sa: pa gen moun yo asasinen ann Haïti, pa gen konplo ki fèt pou touye moun ann Haïti pou pa gen yon avoka ki patisipe nan konplo sa. M ap raple m lè m te tande Mèt Monferrier Dorval ki se kouzen manman m te kandida pou pòs Batonye Bawo Pòtoprens anfas Patrick Patrick Daniel Frantz Laurent ki sanse grandi nan Premye LEGLIZ BATIS Pòtoprens ak mwen, mwen te rele li pou m te konnen ki plan li genyen pou l konbat gang ki genyen nan Bawo Pòtoprens lan. Mèt Dorval pat twò rasire m e mwen te pale ak yon tonton m ki pwòch misye pou m eksplike nan ki tèt chaje Mèt Dorval pral lage tèt li. Bandi nan Bawo Pòtoprens patisipe nan konplo pou touye Mèt Dorval ak konplisite Grand Orient 1824 ak La Grande Loge d’Haïti.

PREZIDAN JOVENEL MOÏSE, se sèl PREZIDAN depi yon santèn lanne ki pat franmason ni ki pat aksepte pozisyon “Grand Protecteur de l’Ordre Maçonnique”; men ki te bay Lòd la tout aksè ak tout privilèj li abitye jwi. PREZIDAN JOVENEL te abòde kesyon sa ak mwen tou. Lajistis peyi DAYITI pa ka nan aktivite bay JOVENEL MOÏSE jistis e rezon yo anpil; men n ap kenbe 3. 1- Konplo pou ansasinen PREZIDAN an makonnen ak desten peyi a, pwofesi ki fèt sou peyi e chèf konplotè yo se chèf mafya ENTÈNASYONAL ki kontwole Lajistis ann Haïti. 2- Konplo pou touye JOVENEL MOÏSE, se yon konplo okilt, anvan tout bagay, sa vle di sosyete sekrèt anndan peyi a enplike, e nan anpil DEPATMAN, se nèg ki gwo avoka kou Enex Jean CHARLES ki gwo chèf Chanpwèl. 3- Lajan fè chyen danse e 99% jij kòwonpi ann Haïti, pap janm gen yon jij ki gen yon ti sans serye ki pral foure kò li nan latrin sa lè li konnen se pa zafè JISTIS k ap regle vre.

Pa gen franmason ki rive nan grad Trantyèm degre ki pa konnen kijan JOVENEL MOÏSE mouri. Pa gen ankenn gwo Pastè, sa vle di ki ajan CIA k ap vann viza vann timoun, vann ògan ki pa konnen kijan JOVENEL MOÏSE mouri. Konferans Evèk Haïtiens yo te fon nan konplo pou touye JOVENEL MOÏSE e nou te wè konpòtman yo lè JOVENEL MOÏSE mouri. Martine Moïse pa ta ka anpeche LEGLIZ KATOLIK chante antèman JOVENEL MOÏSE, e kòm chèf Leta, Achevèk Kap Ayisyen an te dwe selebran antèman JOVENEL MOÏSE. Pa bliye JOVENEL prete sèman ak stati enkilpe, e Chibly Pranbwa Langlois te fè mès Te Deum nan kanmenm. Mwen ta renmen yon nèg ki elegan trè klasik kou Pè Jean Miguel Auguste ki se yon konnen demanti m sou kesyon sa poum fè yon pi gwo tèks pou m detaye Wòl Konsèy Evèk yo jwe nan konplo pou touye Chèf LETA a. Pa gen yon gran Lakou nan Vodou ki pat konnen konplo pou touye defen JOVENEL.

Pou m fini; m ap mande pèp la pou li sispann pete kouri sou fo rimè sounami, tranblemanntè, fo masak, fo nouvèl machann plim ak machann mikwo. Pèp Ayisyen, si w mete tèt ou anplas e mande Bondye JISTIS; Sòm 7, ap gen 4,5 pwofèt k ap monte sou Rezo Sosyal yo ki pou bannou rezilta ankèt la e k ap site non tout asasen yo. N ap tou konnen non tout moun k ap manje moun, fè vyolans nan peyi a depi 1986 apre Janklod fin ale. Pa gen anyen ki pa PIBLIK ni ki kache ak LETÈNÈL; se konnen pou nou konnen kijan pou nou mande. JOVENEL MOÏSE kòm jwè Blan Meriken, CORE GROUP ak Labouchwazi, te konnen byen sa k t ap tann li; li fè chwa li. E, li te konnen tout pwofesi ki sou peyi a; e li te konnen kijan sa t ap fini, menm jan Ansy Dérose te di Vikè TITID depi 1987 li pap janm ka fè yon manda nèt kòm PREZIDAN apre deblozay Désulmé Thomas a. Lajistis mafya ann Haïti k ap travay pou sistèm nan pa ka nan zafè bay JOVENEL Jistis paske 99% jij yo kòwonpi. E sa k plizoumwen pap pote tèt yo ale pou yo touye yo.

N ap rive nan dechoukaj la! Pa okipe pyès machann mikwo k ap fè Buzz nan radyo sou zafè ankèt sou dosye JOJO. JOJO ap dòmi deyò fas ak Lajistis peyi DAYITI. Men, JOJO pa ni mele ni antrave! Aprann li Bib AYISYEN ou pou w ka konnen pwofesi yo.!

NAMASTE! SHALOM!

Kerlens Tilus
SNEL76_2000@YAHOO.COM
TEL: 631-639-0844

Comments are closed.