Federasyon Bawo Dayiti a kanpe ankwa sou prestasyon sèman manm KEP Jovenel Moise la

300

09\22\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki ale jwen prezidan, vis-prezidan ak jij Lakou Kasasyon jodi madi 22 septanm 2020 an, Federasyon Bawo Ayiti a (FBH) montre klè kon klèwòz opozisyon li kont prestasyon sèman pèsonalite triye yo ki konstitye Konsèy Elektoral Provizwa (KEP) Jovenel Moise la.

Nòt sa ki denonse klik ki fòme KEP sa li enkonstitisyonèl e li pa mache kole ak dispozisyon atik 284 e daprè sa Konstitisyon an prevwa pou fòmasyon konsèy la. Federasyon Bawo a mande Lakou Kasasyon an pou voye jete seremoni an e fè aplike kòrèkteman regleman demokratik yo.

Comments are closed.