Bandi sangwen ki fè pati baz 400 Mawozo boule lokal dwàn Gantye a, ak yon blende

680
4
Share:
TRiboLAND


08 – 04 – 2024

Gantye, Ayiti _____(TRiboLAND) Bandi sangwen sangwen kap opere nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, ki fè pati group gang 400 Mawozo boule yon blende lapolis epi mete dife nan lokal dwàn lan jodi dimanch 04 dawout 2024 la.

Bandi yo ki pa chome pase yon bon bout tan ap boukante kout bal ak polisye ki te sou plas yo, ki te oblije abandone akoz yo parèt enpwisan. Konsa, yo pat kapab ofri rezistans; yo bay fevè ak chan lib pou bandi sansal yo demantle lokal dwàn lan e bwile yon blende.

Malgre prezans fòs miltinasyonal krizokal la ki te pote ranfò bay PNH la, bandi yo pat sispann montre siperyorite zam ak taktik yo. Nan yon videyo malfwa yo pibliye sou rezo sosyal yo, chèf gang Lanmò San Jou manifeste yon santiman viktwa aprè yo vin komèt zak sila.

Pwoblèm ensekirite a, rete youn nan pi gwo defi majè pou gouvènman defakto Garry Conille an; divès moun nan popilasyon an kontinye ap kesyone prezans polisye kenyan yo, ki pou yo menm ta sanble vin nan yon vakans modere sou bout tè Papa Dessalines lan.

Share:

4 comments

Leave a reply