Deklarasyon Mèt Ronel Gelin nan kad seremoni prestasyon sèman 4 nouvo jij enstriksyon nan Nòdwès

297

01/31/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Me Ronel Gelin, ansyen Dwayen tribinal sivil nan jiridiksyon pòdepè a, e aktyèl jij nan Lakou Dapèl Gonayiv, mete foul la an efèvesans akòz gwo deklarasyon l fè nan okazyon seremoni prestasyon sèman 4 nouvo jij enstriksyon yo nan jiridiksyon pòdpè a.

Avoka a, kòmanse poul di, “mw pwan anpil nòt, paske nan lavi fòk ou pasyan”. Li deklare chemen lavi a gen anpil labou, pikan e li difisil anpil pou sa yo ki pat pwan oserye sa yo te konn aprann lekòl.

Pou mèt Ronel Gelin, se yon endinyasyon lè l’ap gade valè efò ke’l te konn fè nan sistèm jidisyè a nan nòdwès pou te ka kenbe eskanp figi sistèm nan, malerezman kèlke mwa plita li dekriye nan nivo sa a.

Konsa, li deklare ke aparèy jistis la an ayiti meprize, imilye vwa maltrete. Pou li menm, li pa konpwan kòman Prezidan repiblik la, Msye Jovenel Moise ak tout minis jistis la, Rockfeller Vincent, ap mande pou vide prizon yo sou pretèks y’ap batay kont detansyon prevantiv pwolonje alòske jij yo pa menm gen mwayen. Pou mèt Gelin, li pa posib pou yon jij ap soti nan yon odyans epi se taksi pou l’ap peye pou’l rantre lakay li, pandan ke ènmi li tout kote.

Li lonje dwèt li byen long, sou komisè gouvènman an, ke’l konsidere menm jan ak yon ti moun, ki sou zòd gouvènman an, kotel soulinye, desizyon komisè yo pwan se desizyon ki vize ale nan sans gouvènman an. Li pwofite mande komisè yo, debarase yo de raketè ki vin pwan tribinal la annotaj nan fè lajan pasi-pala sou do jistisyab yo.

Pou fini, Mèt Ronel Gelin envite jij yo, avoka yo ak komisè yo respekte la lwa. Li raple yo wòl yo. “Se vre travay la difisil men kenbe la, ansanm! ansanm nou ka bati ayiti”!

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.