NEHRO deklare nouvo KEP a se yon zouti pou garanti abu pouvwa, enpinite, krim ak kòripsyon

270

09\22\20

Mattapan, Boston_____(TRiboLAND) New England Human Rights Organization (NEHRO) denonse fòmasyon Konsèy Elektoral Provizwa (KEP) la ki gen pou objektif fasilite anbisyon kriyèl yon seri sektè ki jire pou detwi pèp Ayisyen an.

KEP sa ki se yon loray kale kèk ti tan aprè anbasad amerikèn ap miltipliye presyon sou aktè yo, konsidere kòm yon enjerans malonèt ak ensupòtab, daprè NEHRO ki kwè ke bagay eleksyon pa posib avèk rejim anplas la ki volontèman enstale yon klima vyolans, krim ak enstabilite nan tout peyi a.

NEHRO di se regretab pou wè yon ekip sitwayen kontinye pran nan tonton Nwèl pou yo arive entre nan yon asosisyasyon malfektè.

“Yo senpleman bezwen yon Konsèy Elektoral pou yo voye yon entèlèktyèl ak patriyòt tankou Mirlande Manigat o profi Michel Martelly. Yon Konsèy Elektoral pou nome yon malad mantal ki aktyèlman sou pouvwa a”, daprè òganizasyon dwa moun nan ki konsidere KEP tou nèf la kòm enstriman nan objektif pou garanti abu pouvwa, enpinite, krim ak kòripsyon.

New England Human Rights Organization (NEHRO) se yon òganizasyon dwa moun kap proteje dwa ak dinyite ayisyen tout kote. Li tabli nan Mattapan, Boston e genyen nan tèt li Josue Renaud, kòm prezidan.

Comments are closed.