Popilasyon an nan komin Mibalè aplike nan “pwogram bwa kale”a, 2 ajan PNH ki ta pral achte zam ak minisyon pou gang yo nan peyi vwazen.

841

03 – 30 – 2024

Mibalè, Ayiti__(TRiboLAND) Popilasyon an nan komin Mibalè aplike pou 2 ajan PNH nan pwogram bwa kale a, apre Lapolis te fin poze lapat sou yo jounen vandredi 29 Mas 2024 la.

Dapwè yon sous sal redaksyon nouvèl TRiboLAND fè konfyans, yonn nan ajan PNH ki mouri yo rele Alexandre Ananel, yon ajan Swat ak yon ajan BIM ki pote non Musca Michelet.

Ajan PNH yo jwenn lamò yo, apre popilasyon Mibalezyèn nan te fin aprann Lapolis te arete 2 mesye sa yo kòm moun ki ta pral achte zam ak minisyon Sendomeng pou plizyè Gang ame.

N ap raplew, nan moman lapolis te mare gwo koure yo, yo te jwenn yo ak yon gwo magogo lajan ki evalye ak yon valè 5 milyon dola.

Comments are closed.