Pòt dantre biwo direksyon depatmantal Nòdwès la takle

1,354

09\22\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò, anplwaye kontraktyèl yo nan direksyon depatmantal agrikòl Nòdwès la tonbe angrèv jounen madi 22 septanm 2020 sa a pou reklame 24 mwa aryere salè ak nominasyon yon direktè nan tèt direksyon an pou ranplase Agwonòm Kerly Petit Dieu ki gen 2 mwa depi l mouri.

Yon lòt fwa ankò lavi chè a fòse anplwaye to retounen fèmen pirèd pòt direksyon depatmantal agrikòl Nòdwès la nan kad pwotestasyon pou mande minis agwikilti a, Agwonòm Patrick Sévère demele’l prese prese pou l nonmen yon nouvo direktè depatmantal AI. Konsa, daprè anplwaye yo, genyen lajan ki chita nan biwo Finans Pòdpè a ki evalwe a 17 mwa salè alòske pa gen direktè k pou fè suivi, daprè Mesye Louis Frantzso ki se pòtpawòl anplwaye kontraktyèl yo.


Anplwaye Kontraktwèl sa yo gen 24 mwa depi lajan pa pase bòkote yo ki gen yon volim responsabilite sou do yo. Kidonk,  yo estime si tout fwa ministè a pa fè dilijans peye yo answit nonmen yon nouvo direktè ki pou fasilite yo jwenn lajan 17 mwa k ap kanni nan tiwa biwo Finans Pòdpè a, pòt direksyon depatmantal agrikòl Nòdwès la apèn kòmanse fèmen e   materyèl tankou traktè ou machen tout kalite ap kontinye rete fèmen nan lakou direksyon an jouk sa kaba!

SAINT Jean Wiskis

Comments are closed.