Atis enpekab, Mikaben kilbite e mouri nan moman yon prestasyon nan peyi Lafrans

1,848

10-15-2022

Pari, Lafwans_____(TRiboLAND) Chantè byen koni Michael Benjamin alyàs Mikaben mouri nan peyi Lafrans nan moman yon espektak avèk group Carimi nan Akò Arena nan kapital la, Pari. Aprè entèpretasyon yon moso mizikal, atis la te fè yon lakilbit akoz yon malèz.

Enfòmasyon yo fè eta de yon pakèt mannèv ak bwàs ki tap manniganse pou te revini li. Mika mouri aprè yon arèdikè jodi samdi 15 oktòb 2022 a.

Yon non, yon talan e yon ikonn mizikal ki pati tankou yon kout zeklè. Peyi Dayiti ap sonje Mika pou dimansyon talan li ki te reyèlman enpresyonan.

Comments are closed.