PM Jouthe pa dakò pou 5 polisye UDMO ki tap veye rezidans Me Dorval la ap bwè prizon nan Penitansye Nasyonal

344

09\12\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon pou pote yon klarifikasyon maten an nan emisyon “Ranmase” sou Radyo Tele Karaib, Premye Minis Joseph Jouthe afiche dezakò li ak desizyon komisè gouvènman an pou transfere senk polisye UDMO yo nan Penitansye Nasyonal.

Jouthe ki estime ke polisye yo fè erè administrativ, men pa gen anyen pou wè avèk asasinay Me Monferrier Dorval la. Li deklare te genyen enstriksyon ke li te bay minis jistis la yon fason pou pran tout dispozisyon pou se enspeksyon jeneral PNH la kit rete ou evalye si polisye yo te komèt yon fot penal ki kapab defere yo an jistis.

Chèf gouvènman an ki reyitere volonte li pou li pa entèfere nan jistis la, rete kwè ke polisye yo pa merite ale nan kalabous nan Penitansye Nasyonal. Li estime ke deja genyen tròp foustrasyon kap degaje anndan enstitisyon sa.

Comments are closed.