Mèt Felix Aplis, se non yon lòt nouvo komisè gouvènman ankò pou vil Pòdpè

1,056

11-13-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Mèt Felix Aplis, se non yon nyèm nouvo komisè gouvènman pou vil Pòdpè kap genyen pou prete sèman demen lendi 14 novanm 2022 a nan pakè Pòdpè a vè 11:00 nan maten.

Se pa premye fwa Mèt Aplis jwen nominasyon ou benediksyon bò kote Gran Toryan Lajistis yo pou yon parèy pozisyon. Pou anpil moun se “déjà vu”, paske li te nan tèt pakè Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a deja.

Komisè pou yon dezyèm fwa a, ap genyen pou sèmante demen maten, si kè papa Bondye kontan. Li pral pran plas Mèt Bertin Vital kite bay demisyon li nan yon moman li tap pran anpil sekous tranble janm nan djòb la. Alòske, Mèt Alangue Valbrun ki te komisè anaprè te asure direksyon tèt pakè a kòm komisè ai nan moman Mèt Bertin te kraze yon kite sa.

Aprè anpil vye istwa malvèsasyon ak kòripsyon, vil Pòdpè ap mache sou yon 4èm komisè gouvènman nan mwens yon ane. Djòb KG a nan jou sa yo, bay anpil chalè nan depatman Nòdwès la; sitou aprè revokasyon Mèt Jean Volny Bellamin ak Mèt Michelet Virgile kap pran anpil brimad nan moman sa nan prizon nèg Pòtoprens nan kapital la.

Nap swete nouvo komisè a bon travay e kenbe ti kal entegrite ki rete pou Nòdwès la san grafriyen!

Comments are closed.