Yon doktè nan Florid tonbe anba akizasyon $26 milyon dola frod yon fason pou finanse anbisyon politik li

0 448

Talahasi/Florida___ (TRiboLAND) Otorite federal yo akize yon chirijyen vaskilè Florid nan chaje gouvènman an ak konpayi asirans sante yo plis pase $ 26 milyon destine pou petèt finanse anbisyon politik li nan peyi natif natal li, Gana.

Nan kòmansman mwa Fevwiye a, yon gran jiri federal poze 58-chèf akizasyon kont Doktè Moses deGraft-Johnson. Otorite yo konfime ke li te bay konpayi asirans yo ak gouvènman yon pakèt manti ak fo bòdwo pou travay ke li pat janm pèfòme.

Nan dokiman tribinal ki te depoze Vandredi nan Biwo Avoka Ameriken an pou Distri Nò Florid la, komisè yo soulinye ke objektif final Doktè deGraft-Johnson se pou yon jou li arive vinn pwezidan peyi Gana.

Leave A Reply