Mèri Pòdpè / Koripsyon : Majistra Josué Alusma mare yon anplwaye

2,847

Madi 14 jwen 2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad sèvis marketing Mèri Pòdpè a, prezidan Konsèy Enterimè a, Josué Alusma bare e mare yon anplwàyè Meri a pou koripsyon.

Selon sa ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND ta sanble: yon sitwàyen ki te bezwen yon sèvis ki tap koute 150, 000 goud nan Meri a, alòske yon anplwàye ki se responsab sèvis marketing nan bwàt Leta a, Yvener Phicien pase anba e pran 50, 000 goud pou sèvis la ak fo sinyati. Se konsa, lè prezidan Konsèy enterimè aprann sa, li rele kliyan konsène a ki founi li an detay tout lanvè landwàt tranzaksyon an.

Pandan Josué Alusma ansanm ak kliyan an, li fè-l rele Phicien sou telefòn pou pale ak li. Nan moman yo te nan telefòn nan, Alusma ap tande; Phicien reponn kliyan an pou di: “pa okipe Majistra a, se yon moun tèt pa dwat li ye, e li pap menm rete isi”.

Se sa ki kondwi ak arestasyon Yvener Phicien, e ki nan gadavi komisarya Pòdpè a, jodi madi 14 jen 2022 a. Sepandan, kèk chou toufe nan popilasyon an ta sanble estime ke se kòriptè kap kouri dèyè kòriptè!



Comments are closed.