Me ki sa TRiboLAND konnen osijè plan konstriksyon lojman gouvènman ayisyen an pou polisye yo

279

09\12\2020

Daprè enfòmansyon TRiboLAND rekeyi:

  • Se yon gwo plan ou yon chantye ki pral soup ye nan kad promès nan kòmansman manda prezidan repiblik la, Jovenel Moise.
  • Peyi Japon konte bay bon jan bourad krese sere nan yon parèy inisyativ.
  • Konstriksyon lojman sa yo konte fèt sèlman nan kapital la.
  • Seremoni lansman travay yo te fèt anba lobedyans Premye Minis Joseph Jouthe, sa gen preske yon semènn.
  • Se yon projè ki vize pou rale anpil anplwa ak fasilite amelyorasyon kondisyon sosyo-ekonomik polisye yo.
  • Konstriksyon 600 lojman a yon pri abòdab.
  • Konstriksyon an pral blayi sou gro poban teren “Cinéas” la ki te deja deklare “itilite piblik”.
  • Konstriksyon pral layite sou fòm apatman an vilaj kap okipe 72,27 m2.
  • Chak apatman ap genyen yon 2 chanm akouche, yon salon, yon sal a manje, yon kwizen, ak yon ti depo.
  • Anndan vilaj la ap genyen espas pou distraksyon, elektrisite, jwèt ak espò, espas de sante, espas komèsyàl ak parking prive e piblik.
  • Lojman yo ap konstwi an beton ame kap chita sou nòm para sismik.
  • Lap finanse egalman apati yon prè manch long ki estime 12,5 milyon dola US avèk Ofis Nasyonal Asurans Vyeyès (ONA).
  • Li angaje yon prosesis prelèvman sou sale polisye benefisyè yo avèk yo to ki pa depase 5% chak ane.
  • Lap fasilite polisye benefisyè a gen yon bon bout kay anba yon kontribisyon modere nan 20 a 25 lane.
  • Nan konferans ke li te bay nan biwo li, PM Jouthe kit e genyen avèk li Minis Afè Sosyàl ak Travay la, Yolette Nicole Altidor, direktè Byenèt PNH la ki se komisè divizyonè Kesner Pierre, promèt tout resous yo ap disponib yon fason pou travay yo kapab fini nan 10 mwa.
  • 30 apatman gen pou konstwi nan premye faz projè a daprè Yvon Buisreth ki se direktè Entreprise publique de promotion de logements sociaux.
  • Building yo ap genyen 5 nivo, swa 6 apatman pou chak nivo.

Comments are closed.