Me ki sa TRiboLAND konnen kap pase nan kapital la jodi samdi 12 septanm 2020 an.

274

09\12\2020

Me ki sa TRiboLAND konnen kap pase nan kapital la jodi samdi 12 septanm 2020 an.

  • Ajan UDMO bwile 2 machen Leta sou wout Nazon an nan kad protestasyon pou frèzàm yo ki nan Penitansye Nasyonal. Youn nan machen yo se pou direksyon jeneral ladwann.
  • PM Joseph Jouthe pa dase kole ak desizyon ki voye senk ajan UDMO dèyè bawo nan Penitansye Nasyonal.
  • Polisye protestatè nan diferan kwen estratejik nan kapital la, notamman zòn Christ Roi ak Avni Martin Luther King sou bwenzenk yo deja fè plizyè zak protestasyon: barikad anflame, blokis vwa piblik, eklatman kawoutchou Machen…
  • Yon operasyon ensandye Machen piblik sanzatann deklentche atravè kapital la.
  • Plizyè lòt Machen bwile tou prè lokal minister nasyonal ak fòmasyon profesyonèl.
  • Yon kamyon Meri delma bwile san kote yon latriye lòt. Dega yo se men nan machwè!
  • Polisye yo mande liberasyon imedya patizan zàm yo san pèdi tan.
  • Petyonvil ap leve Chalè, Dèlma ak Chandmas ap mande rafredisman ak kolè polisye yo ki estime se abi ke yo fè senk polisye yo.
  • Aprè deklarasyon PM Jouthe sou yon radyo nan kapital la maten an; komisè gouvènman Me Gabriel Ducamel kouri sou tèt e ekri alamen liberasyon polisye UDMO yo tankou Sénèque Jean Louis, Doddley Pierre, Mackeson Cléus, Marckenson Prévil ak Angou M. Orcel ke yo akize ki te nan konplisite pou kite vòlè anvayi sènn krim ki te fèt sou Me Monferrier Dorval.
  • Anpil gro kontwoves nan liberasyon ajan UDMO yo ki ta sanble libere men pito transfere nan IGPNH pou izolman, daprè yon lòt sous.

Comments are closed.