Kalifònya pase 4 Jwiyè-a anba gwo aktivite latè tranble

0 373

KALIFÒNYA__(TRiboLAND) Yon gwo aktivite latè tramble sekwe avèk anpil sakad zònn Sid Eta Kalifònia nan Etazini jodi 4 Jwiyè-a ak yon magnitid 6.4 dapwè analiz sevis jeolojik yo ki deklare se pi gwo gwoudou gwoudou ki pase depi 2 deseni ki sot pase-la yo.

Gwo fwapman yo te plis manifeste nan zònn vil Ridgecrest ki plase a 175 km Nòdès Lòs-Anjelès jodi Jedi-a. Antouka, ekip sekouris ijans yo pat an mezi pou rapòte gwo dega oubyen lanmò, sepandan responsab USGS ki regle mouvman seism Rob Graves, deklare ke gwoudou gwoudou a te gwo ase pou-l te ka koze gwo dega.

Depatman Ponpye nan Ken kontre deklare sou kont Twitè-li ke genyen yon minimòm de 2 douzènn moun ki ta lejèman fwape. Konsa, fwapman 6.4 la koze kèk dega tankou, dife, konstwiksyon andomajman pandan otorite yo ap mande divès sitwayen pou pwan pwekosyon ak lòt ti sekous apwè yo.

Leave A Reply