Minis sante Senegal la, Diouf Sarr anonse livrezon 4 lopital nan 3 mwa

281

09\11\2020

Daka_____(TRiboLAND) Sistèm sanitè senegalè a pral avan lontan dote 4 nouvo lopital. Se minis sante ak aksyon sosyàl la, Abdoulaye Diouf Sarr ki fè anons lan nan moman chèf Leta tap preside yon reyinyon sou plan envèstisman (2020-2024) pou yon sistèm sante ki pi djanm.

“Nan 3 mwa nou pral livre 4 gro dimansyon lopital pou zòn Kaffrine, Kédougou, Sedhiou ak Touba”, daprè sa Gran Toryan sistèm sanitè a ki reyèlman pran anpil pataswèl anba pandemi Kovid-19 la.

Comments are closed.