Kout filè lapolis nan Komin Koray.

914

04 – 16 – 2024

Koray, Ayiti____(TRiboLAND) Nan operasyon deniche bandi asasen ou kriminèl, lapolis nan komin Koray, arete Mickelson François Alyas “Soso” kite aktivman rechèche pou akizasyon asasinay Guerson Joly Victor, yon chofè kamyon. .

Prezime kriminèl la, Mackenson François alyas Soso, manm gang 5 Segond Vilaj Dedye, te kouri antre ran refij nan komin Koray aprè li te finn komèt yon parèy krim.

Pou konnye a, prezime asasen an, ap reflechi dèyè bawo prizon sivil Jeremi an; men genyen enfomasyon ki fè kwè genyen gwo mannèv bò kote koupyon nan lajistis la kap trese lèl pou libere kriminel lan pou gro magogo lajan.Yon konpòtman ke responsab dwa moun yo nan Jeremi denonse.

Comments are closed.