Bob C mande pou ameriken yo kite peyi Dayiti

243

09\01\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè plizyè mwa nan kanpe lwen emisyon “Nouvèl Okazyon” sou Radyo Tele Karaib nan Pòtoprens, Roberde Celine alyas “Bob C” fè yon pase nan kay la jodi madi maten 1 sèptanm 2020.

Anpil gro kontantman pou retrouve yon parèy vwa sou kadran manman pinba a. Yon retou ki reveye anpil moun nan kontèks kote ke somèy ak fatig anvayi tout moun pandan sitwayen ap mouri oun youn aprè lòt.

Bob C eksprime amètum li fas dènye asasinay Me Monferrier Dorvil ki pa dijeràb ou repiyan. Jounalis Gran Toryan an ale pi lwen pou li di: fòk ameriken yo kite peyi Dayiti!

Comments are closed.