Elvaj pèch la kotribye nan ekobomi lokal la avèk komès zangi a

1,581

09-15-2022

Senlwidinò, Ayiti ___(TRiboLAND) Sware aktivite zangi a, fè sal vle nan bouchi Rivyèdèba, nan Senlwidinò. Se yon espès tou piti ki sanble tèt koupe ak yon ti konk ke yo kenbe ak yon til byen fen.

Lè ou kenbe 8 tigrenn sa yo se yon gram. Lè gen pri sou mache a, gram nan konn vann 500 goud, men pou koulya gram nan ap vann 125 goud paske ponkò gen envèstisè pou pran l nan men achtè yo.

Depi fen mwa dawou tout achtè kòmanse fè preparasyon ti kay, lannèt, paswa ak tout sa yap bezwen pou pase sezon an. .Machann kap chèche yon satisfaksyon ekonomik, soti tout kote vin konstwi ti kay yo pou yo vann tout kalite pwodwi, manje kwit e latriye.

Selon anpil moun, pa gen yon anplwa ki peye moun pi byen tankou mouvman zangi a paske lè sezon apik, yo konn ap soti ant 25 jiska 50 mil goud pou yon sèl sware. Daprè pechè yo, zangi a pete nan bouchi Rivyèdèba ki pat twò rapòte pou yo paske bèt la ponkò gen pri sou mache lokal la.

Yon antant nasyonal ak entènasyonal pou klarifye dosye zangi Ayiti a ap enpòtan paske se sèl sous ekonomi malerèz yo konte sou li pou voye pitit yo lekòl ane sa.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.