SOS: pon “Man Jan”, zòn Balade se yon danje iminan

217

09\01\2020


Pòdpè_____(TRiboLAND) Malgre gouvènman Moise-Jouthe la ap fè anpil propagann sou konstriksyon twonson wout kafou Jòf-Ansafolè a, sa pa anpeche anba je tout moun “Pon “Man Jan” nan zòn Balade komin chansòl reprezante yon danje iminan.

Se yon veritab “ti bout kouto rete vwayàj! Yon pon ki plase sou tèt yon falèz, trè kwense douvan yon ti boukèt raje e lè lapli tonbe bay gwo blokis ak tèt chaje.

Antouka, jiskaprezan konstriksyon twonson wout kafou Jòf-Ansafolè a rete yon gwo defi pou gouvènman Moise-Jouthe la, yon rèv ki poko ka yon reyalite.

Genson Hyppolite

gensonhyppolite8@gmail

Comments are closed.