Bwa mare nan Pòtoprens: Bò Lakwa ak Bèlè ap troke kòn, plizye moun mouri e blese

259

Pòtoprens____(TRiboLAND) Li te vè 6:00 p.m. jodi lendi 31 out 2020 lòske te gen gro kout zam manman penba ki t’ap chante sou Bèlè, nan Pòtoprens selon enfòmasyon bò kote plizyè moun ki t’ap leve kouri.

Daprè temwen chape poul yo, yon bon valè moun blese anba bal nan katchouboumbe ant yon group sangwen ame ki rele tèt li “Krache dife” avèk federasyon gang ame (G9 en famille et allies) ki gen nan tèt li ansyen polisye Jimmy Cherizier alyas Barbecue, yo tout te fè yon vwa sou “Platon Bèlè ki localize nan mitan Pòtoprens. Yo mete tout zòn nan basen san ak dife. Plizyè mou ta mouri anba bal e kabonize; alòske dife anrejistre nan plizyè kay.

Se gwo panik “sauve qui peut”, plizyè temwanyàj de moun ki ta pèdi pitit yo nan leve kouri pou bay zòn nan blanch. Yon sou ke TRiboLAND kapab fè konfyans fè eta de yon dividal moun ki ta sanble mouri e blese. Alòske gen lòt sous ki ta fè eta de yon lòt group gang ki nan zòn riyèl Mayard tap twoke kònn yo avèk G9 ki vle gen kontwòl tèritwa Bèlè ak Sen Maten.

Plizyè sous konfime ke se sangwen G9 yo ki antre nan fyèf lòt gang lan a komèt anpil ekzasyon sou popilasyon an.

Comments are closed.