Jovenel Moise bay chantè ikonik Tanbou Combo a, yon grad onorifik

275

08/27/2020

Pòtoprens____TRiboLAND) Chantè ki gen yon renome enkontestab, yon atis chevronye avèk yon reyonman entènasyonal, yon chouchou ki enpoze’l jis ozenit, Roger Eugène alyas “Shoubou” te jwen yon gràd onorifik nan Palè Nasyon an.

Nan yon atmosfè seremonyèl ak konvivyàl, Prezidan Jovenel Moise resevwa supèsta Gran Toryan group mizikal Tabou Combo a nan Palè Nasyonal. Selon sa ki rapòte, dyalòg ki pa rete ak dyalòg te pran chè nan mitan tou 2 mesye yo ki prèske lage lapawoli pou plizyè èd tan. Kòmanse sou supò moral rive sou tout yon seri eksplwa ki pèmèt vedèt la enpoze idantite ayisyèn nan sou echèl entènasyonal, yo tout te fè pati yon poban agenda prezidansyèl pou onore natif natal Pòdpè a ki pase plis pase 52 lane ap enpoze Konpa Dirèk la atravè planèt la.

Shoubou, “Chantè Pinchinat” a ki genyen 71 lane, resevwa nan men prezidan repiblik la yon Onè ak Merit nan Gràd Ofisye ki genyen yon pòte Dòd Nasyonal; yon parèy onè tou, klasifye Shoubou kòm youn pami ra sitwayen ayisyen atravè yon pèseverans eroyik kontribye nan bay mizik ayisyèn nan jarèt jis “ozenit.

Shoubou ki deside retounen viv nan peyi li aprè lanmò dramatik madanm li nan kovid-19, kontinye jwi yon kouvèti selèb ou ikonik ki san dout ap rete imòtèl nan achiv istorik mizik ayisyèn nan.

Retrouve yon Shoubou alatèt de yon lekòl mizik kap transfere talan li a yon gwoup ti inosan nan Pòdpè, se youn pami yon pakèt lòt entèvansyon terapetik ki kapab alonje vi li e imòtalize zèv atis la!

Comments are closed.