Group “Nou Gen Lamou” selebre 4è edisyon Festi Nwèl nan Riyèl Jeanty

199
0
Share:
TRiboLAND

12-27-2022

Pòdpè, Ayiti ____(TriboLAND) Yon group jèn nan Riyèl Jeanty òganize yo sou non “Nou Gen Lanmou” (NGL) selebre 4èm edisyon Festi Nwèl, jodi lendi 26 desanm 2022 an, nan vil Pòdpè.

Avèk soutyen diferan sitwayen sou katye Riyèl Jeanty, depi anviwon 4 lane, NGL deside vann yon lòt kalite imaj pozitif zòn lan. Divès aktivite toujou òganize pandan 4 lane sa yo tankou: netwayaj, aktivite sosyokiltirèl nan lannwit pou klotire jounen an.

Daprè Kemy Célestin, Prezidan òganizasyon NGL la, inisyativ sa yo toujou pran nan objektif pou vann yon lòt imaj Riyèl Jeanty. Anpil fwa Riyèl Jeanty te toujou genyen  lontan yon repitasyon, “riyèl bandi”; yo toujou wè bandi, ak anpil move renome. Pou Célestin, se pa zòn ki fè moun, se moun ki fè zòn lan. “Konsa, avèk aktivite sa yo ke yo ap òganize depi anviwon 4 lane, yo santi bagay yo ap chanje”, daprè alatèt group la..

Prezidan Kemy Célestin fini pou di, anpil fwa katye popilè yo ap konnen yon seri difikilte, se paske otorite yo toujou itilize jèn yo pou regle yon seri bagay ki pa nan avantaj yo. Men li santi jèn yo kòmanse konsyan, ke gen wout ki pap bon pou yo. Kemy Célestin rabat pou li di : “jèn yo dwe pran desten yo ak demen yo an men paske yo soufwi twòp. Otorite itilize moun katye popilè yo twòp, san pote oken amelyorasyon pou yo”.

Kemy Célestin finalman mande tout moun ki nan katye popilè yo, sispann chwazi lèdè ki pa lidè ak emosyon pandan yap vin pi mizerab chak jou ki jou.

Share:

Leave a reply