Avoka Pòdpe Selebre Sen Patwon Yo Sen Iv e fè apèl pou yon Jistis Efikas ak Responsablite Sosyal

145
0
Share:
TRiboLAND

05/19/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi madi 19 me 2026 la, Avoka nan bawo Pòdpe yo selebre fèt Sen Patwon yo, Sen Iv, nan yon mès aksyon degras tradisyonèl ki te fèt nan Katedral Imakilel Konsepsyon an. Plizyè dizèn Avoka te prezan ansanm ak otorite jidisyè ak lokal tankou Komisè Gouvènman Pakè Pòdpe a, Me Jeir Pierre, Dwayen TPI Me Ernest Kepler Desravines, Me Yves Martial jij nan lakou d’apèl Gonayiv, Majistra komin Pòdpe a Ralph Moreau ak asesè li Mèrès Dolanda Barbara. Pandan seremoni an, prèt selebran Pè Mathieu te mete aksan sou enpòtans konsiltasyon kòrèk ak konsey ki dwe bay kliyan yo sou plan jiridik.

Nan diskou li, Komisè Gouvènman Pakè Pòdpe a raple Avoka yo wòl enpòtan yo nan batay pou jistis nan peyi a, e li ankouraje yo swiv egzanp Sen Iv nan sipò Majistra ak responsablite sitwayen. Me Yves Martial souliye ideyal jistis la ansanm ak obligasyon tout aktè yo pou amelyore entèvansyon nan enterè jistis. Avoka yo, ansanm ak lòt aktè sosyete a, dwe toujou montre prèv moral ak etik paske jistisyab yo merite jwenn jistis san patipri.

Mèt Edler Louima, abitid nan pwonmouvwa chanjman nan bawo a, te atire atansyon sou move sitiyasyon vil la epi mande Majistra a pran desizyon difisil pou byen komin lan. Li te kritike fason yon seri travay Leta ap fèt, tankou lapolis ki bay anpil kontravansyon san lajan yo pa rive nan kès Leta, epi li te fè apèl pou plis transparans ak konbat koripsyon nan depatman an ak nan peyia sitou nan zafè ti kat nan peyia ki se yon véritable sous koripsyon. Nan dènye diskou li kòm batonye, li te souliye pasivite pèp la ak nesesite pou popilasyon an di sa yo vle pou sekirite ak devlopman vil Pòdpe.

Batonye a fini ak yon apèl pou otorite lokal ak nasyonal pran aksyon konkrè pou asire fonksyonman efikas TPI Jan Rabèl la, ankouraje pwomosyon Jij Jhony kòm Dwayen epi mete yon avoka konpetan kòm nouvo Komisè Gouvènman. Li fè konnen li lè pou otorite yo, ansanm ak popilasyon an, mete ansanm pou bati yon vil Pòdpe ki anpè, sekirize ak jis, kote responsablite ak transparans vin gid prensipal nan lavi piblik la.

Share:

Leave a reply