Pòtoprens: yon lòt businessman tonbe anba zam bandi nan mwens pase 24 èd tan

246

08/28/2020

Petyonvil___(TRiboLAND) Yon businessman ki rele Jean Wilner Bobo, propriyetè Kafé Kreyòl asasine yèswa jedi 27 out 2020 anba kout zam brakè ki pa idantifyàb.

Enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND fè eta de plizyè brakè ki tap eseye ransone Bobo nan moman ke li te apèn desann machin li. Bandi ki pa idantifyàb vide Bobo atè ak plizyè bal nan lestomak tou pre yon restoran. Malgre manèv pou kouri transpòte’l nan sal dijans lopital; li pat gentan menm jwen swen ki nesesè, li oblije rann dènye souf li.

Nap raple, yè jedi 27 out 2020 an, gwo businessman Michel Saieh ki se pwopriyetè “Piyay Makèt” krible nan machin li sou Lalu a nan mitan jounen an. Konsa, nan mwens pase 24 èd tan, 2 businessmen arive tonbe anba bal sangwen nan Pòtoprens.

Comments are closed.