Pelosi deklare ke yo pare pou yo antame yon pwosesis miz an akizasyon kont Pwezidan Donald Trump

265
0
Share:
TRiboLAND

Pwezidan Chanm Depite Etazini-a anonse ke yo pwal demare ak pwosès pou mete Pwezidan Donald Trump an akizasyon jodi Madi 24 Septanm 2019. Se reyèlman yon tantativ istorik e dramatik nan yon moman kote ke pwezidan-an ap pwan lanm ak yon rapò ki fè eta pèsistans li nan mete pwezyon sou yon lidè etatik etranje pou fasilite-l enfòmasyon kap ede-l sible advèsè li nan pwochènn eleksyon pwezidansyèl.

Anons sa demontre youn nan etap ki pi klè ak dirèk ke lidè Chanm Depite Demokratik la fè kote ke li detèmine pou avanse pwosesis miz an akizasyon an ki se kòmansman yon kòkenn chenn batay ant Chanm Depite Demokrat la ak Pwezidan Trump.

Konsa, Pwezidan Trump pat pwan tan pou lage yon twit kote ke li kalifye desizyon sa kòm “pwetèks pou pèsekite e mete po fig anba pye-l pou bagay san sans”.

Share:

Leave a reply