Etazini ap bay gouvènman Ayiti dikte nan piblikasyon dekrè yo

263

(TRiboLAND) Nan yon tweet ke li mete deyò apremidi madi 25 out 2020 an, peyi Etazini pase gouvènman ayisyen an lòd; li ankouraje’l pou’l kenbe djanm nan sa ki gen pou wè avèk piblikasyon dekrè yo.

Tweet sa ki deja fè anpil machwè gonfle nan mitan Gran Toryan politisyen ayisyen, te ale pi lwen pou menm mande gouvènman Jovenel Moise la pou itilize pouvwa fèt e founi ke li genyen anba menm lan, yon fason pou mete sou pye eleksyon lejislatif yo pou kesyon lavi moun, sante ak sekirite jiskaske palman an sou 2 pye’l e fonksyone jan sa dwe ye konstitisyonèlman.

Comments are closed.