LANG KREYÒL LAN AP VANSE : ETIDYAN INIVÈSITE PIBLIK NÒ A (UPNCH) KA EKRI EPI SOUTNI MEMWA NAN LANG KREYÒL AYISYEN

1,961

Aktyèlman Inivèsite Piblik Nò ki Kap Ayisyen (UPNCH) aksèpte pou etidyan li yo ekri epi soutni memwa yo nan lang matènèl yo (Kreyòl Ayisyen).

Rektora inivèsite a pran desizyon sa nan yon sikilè Rektè a Ph D. Joram Vixamar sinye aprè plizyè chita pale ki fèt ak lòt responsab nan inivèsite a. Selon sikilè sa a tout etidyan ki fin swiv kou teyorik ak pratik yo nan inivèsite a, avèk akò direktè memwa, kapab chwazi prepare, ekri epi soutni memwa yo devan yon jiri soutnans nan youn nan 2 lang ofisyèl yo: kreyòl ayisyen oubyen fransè.

boukle “tout etidyan ki dakò pwodwi memwa yo nan lang Kreyòl la ap jwenn yon akonpayman lengwistik espesyal yon komisyon revizyon ki fòme pou sa” .

Desizyon sa ap kòmanse aplike nan ane akademik 2022-2023 nan fakilte Syans Edikasyon inivèsite a paske se sèlman nan fakilte sa kou kreyòl la anseye nan moman sa.

Rektora pwomèt pou l asire l etidyan yo devlope bon jan konpetans fè pwodiksyon syantifik nan lang kreyòl ayisyen an san yo pa antrave egzijans metodolojik yo syantifik yo, pandan y ap mete sou pye divès kalite aktivite kap fasilte sa tankou: konferans ak fowòm syantifik ekspè nan domèn nan ap prezante.

Kè moun ki renmen lang kreyòl epi ki travay ladan l tankou Jon Jackson ki travay pou Creole Solutions fè kwè ke “yon pèp ki pa gen edikasyon li nan lang matènèl li p ap janm rive nan degre pou li tounen yon pèp syantifik.

Selon espesyalis la ki travay nan kesyon tradiksyon lang kreyòl ayisyen an “lang fransè yo ta dwe se yon klas menm jan ak klas lang anglè oswa panyòl lan.

Li fini pou mande popilasyon ayisyèn nan ankouraje epi sipòte lang matènèl nou an, yon fason pou nou pa pèdi idantite kiltirèl nou. Retire konplèks kote opresè a te fè nou konprann si nou pa pale fransè nou sòt oswa nou pa entelektyèl, annou valorize tèt nou, lang nou, kilti nou ak pèp nou.

Yon lòt bò Prof O’brillant Damus bat bravo pou yon desizyon konsa selon li pral patisipe nan sa li rele dekolonizasyon lespri ak konesans. Prof ale pi lwen pou mande inivèsite yo sispann mande etidyan ekri memwa yo an fransè sèlman. Li fini pou di etidyan dwe ekri memwa nan lang ki fè l plezi.

Wilgens Devilas

Comments are closed.